Ribrik sa sipòte pa: CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE -BC EXPRESS-CAPOTAB

Kiyes ou ye?

Mwen se Ediana Pierre Louis. Mwen gen 22 lane, mwen se dènye pitit manman m e avan dènye pitit bò kot papa m. Mwen fèt lopital jeneral e mw kòmanse grandi fò nasyonal. Mwen pa marye e mwen pa gen pitit .

Ki kote w fè etid klasik ou?

Mwen fè preskolè m nan Milou kindergarten, premye ane pou rive 6èm ane kay mè Saint Antoine.
7èm nan kolèj Michel de Ronsard epi 8èm jiska filo nan lise Fritz Pierre Louis. (Lycéenne un jour,lycéenne toujours 😊)

Ki kote w fè etid siperyè ou?

Mwen etidye prezantasyon ak repòtaj nan Ku Production. Epi mwen kòmanse etidye Dwa nan EDSEG sa gen kek mwa.

Kòman dènye baton nan men paran w te ye ?

Sensèman mwen pa sonje 😁 men m pat vrèman te konn pran baton tou.

Poukisa w te fè chwa pou w vin jounalis?

Etidye prezantasyon ak repòtaj pat premye chwa, se te etidye Dwa ki te premye chwa men. Malerezman, mwen pat reyisi konkou FDSE apre m fin fè filo epi mwen te di pa gen lòt pwofesyon ki sanble ak pwofil mwen ankò ke sa. Mwen renmen Sak gen rapò ak komikasyon, divètisman ak fòmasyon.

RSF/TSF sa vle di kisa pou ou?

Radio Télévision Sans Fin 😂😂😂😂😂 avan tou
Bref
RSF/TSF vle di yon pakèt bagay pou mwen. Se premye pòt ki ouvri on pakèt lòt pòt pou mwen e ki banm anpil opòtinite. Se espas ki fè m travay sou moun mwen ye an chak jou. Se youn nan pi bèl eksperyans mwen, se espas kote m aprann plis bagay nan vi m e se youn nan espas ki ap fè m bay meyè vèsyon de mwen nan kèk lane ankò.

Kisa w gen ki bon lakay ou?

Mwen renmen pwòch mwen, mwen renmen pataje. Mwen son fanm ki gen anpil detèminasyon e mwen pa souvan dekouraje. Lè m ap fè yon bagay mwen fèl byen, mwen renmen tout tip de moun, mwen adapte m a tout sitiyasyon e sak pi enpòtan an mwen trè entèlijan😌.

Lè w te pran premye desepsyon nan vi w, kijan sa te ye?

Mwen te santi m desi paske mwen te vin reyalize ke yon moun ki konnen w pi fasil pa konn valè w e pi pa respekte efò w ke yon moun ki pa konnen w. Mwen te kriye aprè m te pase a lòt bagay ki pi enpòtan. Sa yo se bagay k ap rive w e ki dwe fè w fè plis efò ak plis atansyon nan vi w.

Koman w wè tèt ou nan 5 lane antanke Animatris?

Antanke animatris mwen wè tèt kòm yon moun ki ap deja santi li akonpli on pakèt bagay e ki pral bay plas li ak yon lot jèn ki pi bon e pi konpetan pase l.
Se sak fè mwen espere fè pati lòt pwojè nan medya, fè tout sak posib poum kontinye fè nonm. Epi ak kè kontan bay yon lòt plas li nan 5 lane ankò answit antame lòt eksperyans nan lavi m.

Kijan ou wè medya nan peyi Ayiti?

Yon 4èm pouvwa ki san pouvwa ak san Dwa.
Yon domèn politisyen ak sektè prive pa respekte.
Yon domèn kote travay anpil jounalis chita sou potven.
Yon domèn ki manke ankadre jèn k ap riske vi yo tout tan.
Yon domèn ki, malgre tout bagay, egziste gras ak lanmou sila yo ki chwazi fè pati ladan l.

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa a?

Pran fòs nou, karaktè nou ak konsyans nou epi ann chavire tout sistèm ki anpeche n reyalize rèv nou e k ap peze souse n.

Kisa ki plis make w nan lavi w?

Gen plizyè bagay ki make’m?

1)Moman gradyasyon m nan KU, pa paske m pat panse mwen t ap reyisi men paske se anba anpil mizè mwen te rive peye kòb sa pou m te gradye. Jodi a chak lè m wè m dèyè yon mikwo mwen di li te enpòtan pou m te goumen pou sa m te kwè a✌🏿

2)Rantre m nan RSF
Plis pase 40 postilan e yo rive kenbe m nan 3 yo te deside pran yo se pat on moman piti.

Sa yo se 2 pi gro moman ki te make lavi m.

8 mas sa vle di kisa pou mwen?

Avan tou se jounen entènasyonal Dwa fanm men se yon jounen menm jan chak ane ki ta dwe chita sou lavi fanm sitou nan peyi Ayiti Kote dwa fanm pa respekte e lavi yo ankò plis. San nou pa bliye diskriminasyon y ap sibi ak vòl, vyòl. 8 mas sa ta dwe 8 fwa 88 konba ak diskisyon sou kondisyon lavi fanm nan mond lan e espesyalman an Ayiti.

Ki konsèy w ap voye pou lajenès?

Si w pa reyisi lekòl sa pa vle di w ap echwe nan lavi w.
Si w kwè nan on bagay goumen pou li.
Konesans se kle men li pa ouvri tout pòt.
Toujou kwè nan yon Fòs espirityèl.
Tout sa w ap fè fèl avan tou pou kè w kontan.
Respekte tèt nou epi kwè nan tèt ou.
Pa Janm kite yo vyole dwa nou epi sal imaj nou, defann tout sa w genyen e tout sak pou ou.

Hancher Duval