Ayiti/imigrasyon: Peyi Meksik voye 145 Ayisyen tounen

Smiley face

Anviwon 145 moun nan yon vòl Wal 8800 retounen Ayiti ayè dimanch lan. Moun sa yo te nan yon vòl ki soti ayopò Tousen Louvèti pou vil meksik, men ki pa rive nan bout li. Responsab vwayaj sila te mete moun yo sou zile kosomèl kote yo pase yon move moman tèlman yo bat yo, fè chen mòde yo. Otorite nan peyi Meksik kalifye vòl sila ilegal. Yo eksplike konpayi an pa legal pou fè vwayaj rive nan zile a.

H.A.T Entreprises S.A se non ajans ki t ap òganize vwayaj la. Rive Ayiti, ajans sila mande viktim yo pou yo ale nan konsila Meksik la paske yo pa responsab sa k rive a.

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post