Dezole ti cheri

Smiley face

Dezole ti cheri si rega nou pa kwaze
Sikonstans yo blije fè nou pa rankontre
Se vre kè m ap rache
Menm oblije
Nan mitan kat poto chanm
Se ak ou m ap panse
Dezole si randevou nou an anile
Wè ou an sekirite
Pou mwen se sa k priyorite
Mwen vle se mwen ki pou santi doulè w
Tanpri pa mande m vin wè w
Dezole ankò cheri
Si m pa ka pwoche vi w
Lavi gen pou pote m ba ou
Lè sa m ap ka bo chevi w
Tout sa nou planifye ranvwaye
Se vre se pat sa nou te swete
Anpil pwojè tonbe nan dlo
Sa pa vle di mwen ba w do
Avan lontan lavi gen pou l reprann cheri
Men pou kounya nou oblije pa sòti
Dezole si m rate anivèsè w
Chak jou nan vi w mwen te vle prè w
Dezole si lavi ba nou sipriz
N ap ret tennfas
N ap bay lanmou nou ti priz
Si de montay pa kontre
Mwen avè w n ap kontre
Menm si se ap yon eklips
Tankou lalin ak solèy
Nou va pran gwo risk
Lè sa nou pap gen somèy

Louis Mikerson

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post