Kiyès ou ye ?

Smiley face

Ajans près an liy Haïti Post ap prezante w Me Arnel Rémy nan ribrik “KIYES OU YE?”

Ribrik sa sipòte pa: CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE – CAPOTAB 

Kiyes ou ye?

Mw se Arnel Rémy, mw se avoka lan bawo potoprens. Mw se Ingénieur civil. Mwen ap fe yon master 2 en recherches sociales. Mwen se kowòdonatè jeneral CADDHO (Collectif des avocats pour la défense des droits de l’Homme). Mwen se PDG Cabinet ADVOCATUS LAW FIRM.
Mwen marye, Mwen Poko gen timoun. Mwen gen 2 sè, manmanm la, papa m mouri.

Ki kote w fè etid klasik ou?

Mwen fe etid klasik mw Jean Marie de la Mennais.
Mwen fè etid segondè mwen Saint Louis de Gonzague.

Ki kote w fè etid siperyè ou?

Mwen fè etid inivèsite mwen nan Fakilte Dwa ak syans ekonomik pòtoprens, mwen etidye génie Civil kay lekont( université ruben leconte) delmas 53.

Kijan dènye baton ou te pran nan men paran w te ye?

Dènye baton mwen sonje manman m pat jwe nan sans sa. Sa fè telman lontan mwen te kriye anpil.

Kijan w te santi w lè w te pran premye desepsyon nan viw?

Lè m te pran premye desepsyon mwen, mwen te dekouraje. Apre sa mwen redouble defò epi m di annavan.

Poukisa se chwa Avoka ou fè?

Paske mwen renmen ede moun, renmen defann moun. Si m te ka wè tout moun ki arete ilegalman libere mwen tap kontan anpil e mwen tap prè pou m defann tout.

Kijan w santi w lè wap ede moun ki pa gen mwayen ki nan prizon?

Mwen kontan, mwen jwenn plezi m nan bonè moun ke m ede a.

Kijan w fè viv nan yon peyi tankou Ayiti kòm Avoka?

Peyi a pa ofri anyen pou on avoka viv. Bondye edem anpil e madanm mwen sipòte m anpil.

Kijan w wè tèt ou nan 10 lane?

Nan 10 lane mwen ta swete gen yon doktora nan dwa konstitisyon, ranpli yon gwo fonksyon nan peyi a pou m wè si ma bay koudmen pam pou peyi a chanje, mwen vle sa.

Kijan w wè sistèm Jistis peyi a?

Sistèm lan malad e l fèb anpil, Sin bezwen peyi a vanse fòk nou komanse pa ranfose e netwaye sistèm lan.

Siw ta minis jistis kisa w t ap pote anplis nan sistèm lan?

Sim Minis jistis mwen t ap goumen anpil pou jistis la reprann eskanp figi li.

Ki mesaj wap voye pou jèn ki anvi fè menm chwa avè w?

Pi gwo mesaj la se fè tèt ou konfyans. Batay anpil epi aprann sa nou renmen.

Ki mesaj wap voye pou lajenès?

Aprann aprann aprann.

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post