kiyes ou ye?

Smiley face

Ribrik sa jwenn sipò: OBCAJ – CREP – CUTA – Richard Baudelaire Sandaire – Jean Junior Hyppolite

Kiyès ou ye?

Mwen se Abed Negot Jean Louis.

Ki kote w fè etid klasik ou?

Mwen fè tout etid primè Mwen nan lekòl Batis konsèvatris Corridon. Aprè sètifika (6èm ane fonadamental paran Mwen voye m Pòtoprens pou etid segondè. Se konsa sa te fèt pou tout lòt frè ak sèm yo sof Nahum ak Rebecca yo menm ki te fè etid primè yo Gonayiv. Antre Pòtoprens Mwen al lekòl Georges Marc epi al fini Gérard Gourgue.

Ki kote w fè etid siperyè ou?

Mwen fè Yon lisans nan Miami Dade collège nan kriminoloji. Épi Mwen fè 2 metriz nan Northeastern University; yonn nan lidèchip devlopman ak jesyon pwojè, lòt la nan kominokasyon antrepriz ak pwodiksyon ak jesyon kominote an liy.

Kòman dènye baton nan men paran w te ye?

Mwen te al nan Yon vèy tou prè lakay mwen moun yo deside fè 2 vèy. Te tèlman gen anbyans nan vèy la m prèske fè 2 jou m pa antre lakay. Lèm antre se manje épi tounen byen vit al jwe domino bay blag ak zanmi. Gen yon sèm ki di papa m mwen pa janm antre. Misye filange m jou sa a.

Poukisaw chwazi rete Ayiti?

Mwen chwazi tounen viv an Ayiti paske m kwè ka plis itil nan peyi m. Mwen te vle kontribye nan devlopman peyi a nan janm kapab. Sa Ayiti banm pa gen anken n lòt peyi ki ka banm li. Ayiti banm lavi.

Kisa ki motivew ale nan vil provens yo ?

Pou mwen nan pwovens se la vrè vi a ye. Se nan pwovens ou jwen tout bon koutim yo, sa ki fè nou Ayisyen tout bon. Lèm an pwovens Mwen an pwovens Mwen santim pi prè frèm ak sèm yo. M ka konprann yo pi byen

Nan tout vil provens wale ki kote ki plis makew e poukisa?

Ayiti gen yon gwo pwoblèm santralizasyon. Pifò richès peyi a twouve yo nan pwovens alòske prèske tout resous leta chita nan Pòtoprens. Menm medya yo ankouraje santralizasyon an nan nouvèl yo ak sijè yo chwazi trete. Li te enpòtan pou mwen pou mete limyè sou pwovens yo ak tout richès yo.

Kijanw wè sektè agrikilti a?

Ayiti gen anpil katakteristik pou peyi a ta esansyèlman agrikòl vre malgré nou gen pifò Mòn. Men malerezman se pa sa ki priyorite. Sektè agrikòl la se yonn nan sektè ki pi meprize nan peyi a. Depi plizyè ane ministè agrikilti gen sèlman 3% nan bidjè nasyonal la. Se Yon eskandal. Tout gouvènman ki pase yo pa janm défini yon politik agrikòl klè. Se pandan yo plis favorize enpòtasyon pwodwi etranje nan peyi a sa ki lakòz anpil agrikiltè abandone.

Ki pi bèl moman ou pase nan deplasman ou konn fè yo?

Chak vil osinon seksyon kominal mwen pase m gen yon lanmou diferan pou yo. Nan sans sa a li vrèman difisil pou di w sa ki make m plis paske yo tout make m nan jan pa yo.

Kisa ki plis make w nan lavi w?

Sa ki plis make m nan vim kòm tristès se lanmò manman m ke m pa janm ka pase m de Li.

Ki konsèy w ap voye pou lajenès ?

Mwen konseye jèn yo pran plezi ak modérasyon épi kwè nan rèv yo.

Haïti post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post