KIYES OU YE ?

Smiley face

Ribrik sa sipòte pa : CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE – BC Express – CAPOTAB – Radio vision9, 95.9 Mirebalais

Kiyes ou ye?

Mwen se Me. Johnson Mervil, mwen fèt nan komin Mibalè nan depatman sant peyi Dayiti, mwen se sizyèm pitit nan yon fanmi ki gen 11 pitit mwen marye mwen gen 2 pitit: yon fi ak yon gason. Mwen se yon nòmalyen siperyè, Pwofesè Syans sosyal ak kominikasyon fransè, yon avocat kap milite nan bawo Mibalè a.

Ki kotew fè etid klasik ou?

Mwen fè etid primè mwen nan lekol Mixte Jesus Roi de Gloire ki Chita nan vil Mibalè. Mwen fè etid sekondè mwen nan lise nasyonal Mibalè .

Ki kotew fè etid siperyè ou ?

Aprè etid klasik mwen, mwen antre potoprens kote m ta pral entegre Inivesite leta a (UEH). Mwen Etidye syans Sosyal (Istwa ak Jewografi) nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) soti 2008 pou rive 2012.
Nan kad yon koperasyon ki te genyen ant Lekòl nòmal sipryè (ENS) ak yon Inivèsite Fransè ki rele UAG a (Université des Antilles et de la Guyanne), mwen fè yon lisans nan Kominikasyon Fransè atravè yon Pwogram ki rele CAEF(Certificat d’aptitude à l’enseignement du Francais) nan lane 2012 pou rive 2013.
Toujou nan kad yon koperasyon ki te genyen ant Lekol nòmal siperyè (ENS)ak Inivèsite Paris 8 mwen fè yon Master nan jewografi delokalize ak amenajman teritoryal nan lane 2012 pou rive 2013.
Aprè sa mwen ta pral antre nan Fakilte Dwa ak syans ekonomik Gonayiv kote mwen ta pral fè yon lisans nan syans jiridik soti 2012 pou rive 2016 e aprè m fin soutni memwa m avèk briyo, mwen ta pral prete sèman kòm avoka nan Bawo Mibalè a nan lane 2018.
Pou kounye a mwen déjà enskri nan yon Pwogram Master nan dwa dè afè ak yon Inivèsite an Frans nan Vil Toulouz.

Koman Denye baton nan men paran w te ye?

Dènye baton mwen te pran nan men paran m se te yon lè yo te voye m al chanje bèt m pa ale m te prefere ret ap benyen nan yon rivyè ki rele rivyè kay montalè epi papa m ki t ap swiv mwen sanm pat konnen, vin jwenn mwen nan rivyè a li fem soti vin jwenn li toutouni ak tout dlo sou kòm mesye a Simen baton sou mwen ak yon fwèt bwa yo rele tamaren an monchè sete vrèman tèrib.

Poukisa w fè chwa vin avoka?

Mwen te toujou reve vini yon avoka pou m ka ede nan fè respekte dwa moun ki pi fèb yo e pou m patisipe nan janm kapab nan ede mete sou pye yon pi bon sistèm jistis nan peyi Ayiti kote tout moun gen dwa ak yon jistis de kalite sa ki kapab ede nou gen yon meyè sosyete paske se la bib ki di se jistis ki kapab pèmèt yon pèp leve an diyite.

Ki sa w gen ki bon lakay ou?

Tout moun fèt defo epi kalite yo e sa ki bay vi a tout sans li pou sa ki bon lakay yo anpil m ap jis site kèk ladan yo: mwen se yon moun ki gen anpil senpati sa vle mwen renmen moun anpil;
Mwen renmen pataje sa m genyen ak moun e mwen toujou ap ankouraje tout moun nan antouraj mwen pou m fè yo konnen yo kapab.

Kòm pwofèsè, kijan w wè
sistèm edikatif peyi a?

Pou mwen se yon sistèm edikatif k ap fonksyone menm jan ak imaj peyi kòm Dirijan nou yo pa t janm gen volonte pou yo fòme bon sitwayen pou yon lòt sosyete ki pi bon nan sans sa a yo banou yon edikasyon o rabè pou limite kapasite refleksyon jenès la pou pa gen anpil moun kap di sa ap mal mache nan peyi a.

Lè w te pran premye desepsyon nan vi w, kijan sa te ye?

Premye desepsyon m te pran nan vi m se te lè m t ap etidye nan inivèsite potoprens mwen te gen yon zanmi ki te pwomèt poul sipotem paske bagay yo pat pi bon pase sa ki te konn banm mil (1000) goud chak mwa li pase 7 mwa ap banm li, dènye mwa li banm yon chèk BNC san pwovizyon e m te fè plizyè mwa ap mache labank ak chèk la, pat janm mete pwovizyon sou li jis mwen te dekouraje mwen sonje yon lè mwen pase 3 zèd tan yon liy labank ak chèk la e lè m rive sou kès la yo dim chèk la pa gen pwovizyon m te kriye anpil paske lè a m pat menm gen kòb machin pou m te tounen lakay mwen se konsa li pa t janm ede m ankò san li pa di m anyen.

Ki pibèl moman ou pase pandan karyè w kòm pwofèsè?

Se te yon jounen lanmè yon lekòl map dirije kòm direktè pedagojik te òganize pou kò pwofesoral li a nan otèl Xaragua se te vrèman ekstraòdinè.

Kijan ou wè sistèm jidisyè a nan Mibalè?

Pou mwen menm se yon sistèm kap fonksyone selon imaj peyi a menm jan tout bagay bwate nan tout peyi sistèm jisisyè a bwate tou nan Mibalè. Nan yon sistèm kote manda tout jij enstriksyon fini e yo poko janm renouvle sa fè pakè a vin sichaje e anpil dosye ki oblije enstui rete bloke donk sa pap pi byen mache pase sa selon mwen menm.

Ant anseye ak travay kòm avoka, sa w plis renmen fè?

Mwen renmen tou 2 preske nan menm nivo:
kòm pwofesyon liberal, Avoka a pèmèt mwen fè plus lajan.
men kòm pi gwo pasyonm se lè map pataje konesans mwen ak jenn fason e jenn janm nan peyim, fome yo… mwen estime se mèyè fason poum pote kontribisyon pa m nan chanjman peyi sa a ke nou tout reve sa fè mwen anseye anpil.

Kisa w fè pou w sansibilize plis jenn ret lekòl?

Pou m sansibilize plis jenn ret lekòl mwen toujou prezante tèt mwen kòm yon senbòl reyisit ki se fwi ak rezilta rete lekòl em di tout jèn ki vle vin menm jan ak mwen ou byen ki vle depase m yo paka pase nan yon lòt wout ke dakò rete lekòl.

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa a?

M panse fòk anpil efò fèt sitou nan fanmi yo pou nou sove sa nou ka sove nan jenerasyon saa si non pita ap pi tris.

Kisa ki plis make w nan lavi w?

Sa ki plis make m se jan Bondye sove m mirakilezman 3 fwa nan 3 aksidan tèrib. Aksidan machin chak fwa m sonje aksidan sa yo em wè m ap viv toujou mwen di tèt mwen ke mwen se yon boul mirak.

Ki konsèy wap voye pou lajenès?

Konsèy mwen pou lajenès se mande yo pou yo endiye yo dabò epi angaje yo pou sa chanje. Tout kondisyon endiyasyon yo antoure nou se angaje pou nou angaje nou lè nou fin endiye nou si non anyen pap janm chanje. Nou pa gen peyi derechany ann met men ansanm pou nou sove peyi nou ki se sèl byen tout genyen an komen.
Mèsi

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post