Kiyès ou ye ?

Smiley face

Kiyès ou ye?

Mwen se Alamy, mwen fèt Jakmèl nan fanmi Jean Pierre. Mwen gen yon metriz nan syans edikasyon mwen travay ak anpil òganizasyon nan peyi a pou ede yo mete pwogram edikasyon sou pye sitou nan modèl pegagoji 3.0 a, mwen se developè tou epi mwen ap travay kounya ak KODO Walloni sou yon pwogram reyalite vityèl. Mwen travay tou etanke evangelis nan teknoloji, mwen travay sou pwojè pou itilize teknoloji nan tout longè nan edikasyon, mwen pap bliye di mwen travay etanke jounalis sitwayen (près itil) epi mwen se papa youn nan djòb mwen pi renmen ak pi fyè.

Ki kote w fè etid klasik ou ?

Mwen fe etid klasik mwen nan potoprens, Soti nan lekol nasyonal delma, Lekòl Plen soley ak CFC petyon vil.

Ki kote w fè etid siperyè ou?

Mwen fè yon pati nan etid inivèsitè mwen an Ayiti, se la mwen fè diplòm mwen nan edikasyon, yon lòt diplòm nan sikoloji koyitif, youn tou nan enfòmatik, epi mwen fè metriz mwen nan peyi Beljik nan yon inivèsite kalotik. Mwen gen anpil estaj swa ak gouvènman oubyen òganizasyon ki ap travay sou plas nan peyi Etazini ak kanada, pou pita nan mwa mas ane 2022 a mwen sot travay sou yon pwogram edikasyon ak inovasyon ak 22 peyi nan mond lan, ladan yo mwen ka site USA, Ikrenn, Espay, Gana, Pòtigal pou m site sa yo sèlman. Dayè nan pwogram sa a mwen resevwa yon sètifika ofisyèl pou bèl lide ak pwojè mwen prezante ki ka ede sove lavi timoun ki pa al lekòl nan monn lan.

Kòman dènye baton nan men paran w te ye?

Gras ak vijilans tonton kite leve m sa banm yon disiplin edikatif, onètman mwen pa sonje ki premye ni dènye baton mwen te pran nan men li, men selman mwayenn 5 ak 6 pap antre lakay li a, sa te oblije mwen toujou sou presyon travay di poum teka fè pi bon ak pi bèl mwayenn ki posib, mwen pa gen anyen pou mwen repwoche li jan li te leve mwen pou monn jodi a, petèt ak edikasyon pam mwen ka fè mye men si se pat zouti li te banm mwen pa t ap janm reyisi lavi m.

Kisa lekol konekte ye?

Lekòl konekte se yon òganizasyon ki gen 2 chapo. Youn ki se fòme anseyan ak lekòl nan itilize teknoloji nan ansèyman ak aprantisaj, lot la se kreye kontni edikatif epi rann yo aksesib pou tout moun. Nan lane 2020 Lekol konekte te lanse pwojè “Une clé pour Haiti” lite fòme 185 anseyan epi touche plis pase 16 mil elèv lekol antou.

Kisa ki ExamO an?

ExamO se youn nan pi gwo revolisyon ki fèt nan sistèm edikatif ayisyen an. ExamO se premye aplikasyon pegagojik ek edikatif ki rive mete teknoloji disponib nan tout peyi a, dayè youn nan patikilarite aplikasyon ExamO a seke ou pa bezwen entènèt pouw itilizel, li gen disponib sou li; egzamen blan, egzamen anal, tout egzamen sa yo gen korije epi yo tou baw demach ki ede ou jwenn bon repons lan. San konte tout kalite konsey ak teknik pou ede reyisi nan egzamen ofisyel yo. Examo deja ap itilize nan plis pase 300 lekol nan tout peyi a, pou plis detay nou ka ale sou examo.ht oubyen al telechaje aplikasyon an direkteman sou “playstore ”.

Ak ki santiman ou te travay sou sit Web Haïti Post lan?

Soti 2015 rive jodi a mwen travay ak kolabore sou plis pase 2 mil projè. Travay sou pwojè Haiti Post la sete yon apèl pou m fe devwa mwen etanke pwofesyonel epi etanke ayisyen ki kwe nan kontribisyon chak grenn nan nou pou sove Ayiti.

Kisa w gen ki bon lakay ou?

Se kesyon ki pi difisil pou mwen reponn. M panse okenn moun pa totalman bon ni totalman pa bon, bonte a relativman w ap jwenn si se li w ap chèche, menm jan ak kontrè a tou. Sa konn rive gen moun ki repwoche m paske m two rijid paske m twò sevè, epoutan gen lòt ki jije m paske m twò renmen bay blag, alèz ak tout moun nan tout sitiyasyon, dayè sa menm fè m sonje kèk sitiyasyon kote mwen trete yon etranje tankou yon moun kite grandi nan menm kay avè m konsa mwen konn fè envès la tou, men pou m pi senp ak pi konkrè nan repons lan, mwen panse m se yon zanj nwa.

Koman w wè teknoloji an Ayiti?

Lanmou m pou teknoloji pase anvan lanmou m pou peyi a, pou kominote m ak pou chak moun mwen konekte ak yo yon fason oubyen yon lòt. Lanmou an frape m se yon fòm devwa, pa gen okenn òganizasyon oubyen patikiliye ki mandem mete konesans mwen disponib mwen di non, paske mwen renmen kominote m, mwen renmen travay mwen ap fè a. yon lòt bò mwen vle fe pou peyi a sa li fè pou mwen, si se pat edikasyon mwen pa konnen ki sa m t ap ye, kote m t ap ye ni kijan m t ap ye, etanke yon timoun ki grandi ak tonton mwen vle tounen yon tonton pou sila ki pa gen chans jwenn youn pou ede li avanse ak grandi nan lavi li.

Kijan w wè tèt ou nan 10 zan?

Bon nan 10 an, mwen wè doktè Alamy (doktè nan edikasyon) ki ap kontinye ede kominote li, men mwen wè m tou angaje tout bon nan politik peyi a pou ede li soti nan ma labou kote li ye a, men nan 10 an map yon ayisyen ki fyè paske mwen konnen m ap kite yon eritaj pou jenerasyon ki ap vini yo.
Mwen atann mwen ak anpil boulvèsman, anpil gwo bagay paske jenerasyon k ap vini ap jwenn eritaj ki pi solid, plis zouti ak bon wout trase, jenerasyon k ap vini ap plis ka reflechi sou rezoud pwoblèm yo rankontre.

Koman w arive devlope lanmou sa pou teknoloji ?

Mwen se yon moun pragmatik, mwen apresye chak detay nan mize ak valè yo. Mwen pran tan admire yon wanganègès ki ap bat zèl, mwen pran tan admire chak liy kòd mwen tape nan yon òdinatè, epi mwen pran tan profite plis ke posib chak segond lavi ofrim chak moun mwen rankontre ak kolabore.

Ki konsèy w ap voye pou lajenès?

M ap mande lajenès chanje bagay yo, louvri je, aprann bagay ki ka chanje peyi ak rezoud pwoblem nan mond lan, map bay lajenès fraz mwen batize a pou yo fè chimen yo “ Si yo pa ba w posibilite a Kreye l”.

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post