Kiyès ou ye ?

Smiley face

Ribrik sa sipòte pa : Richard Baudelaire Sandaire – Jean Junior Hyppolite – CAPOTAB-Caisse Populaire de Tabarre – Radio vision9, 95.9 Mirebalais

Kiyes ou ye?

Mwen se Makendy Louis-juste. Mwen fèt jou kite 15 Sektanm Mwen se premye pitit Manman Mwen, mwen gen yon ti sè. mwen se yon jèn fotograf epi grafik.

Ki kotew fè etid klasik ou?

Mwen te fè etid klasik Mwen lekòl Nasyonal Repiblik Paraguay ak nan Lise Kafoufèy.

Ki kotew fè etid superyè ou?

Mwen etidye enfografi nan Centre université Maurice Laroche, CSIC, cours supérieur en infographie kote m te sòti youn nan meyè etidyan yo.
Mwen aprann fotografi nan CEPEC ki se centre d’étude photographe et de cinématographie epi m te kòmanse yon etid nan Sces informatique nan Global technology school University Mwen te rive nan 2 lane epi m te oblije kanpe l.

Konbyen tan ou pran pouw fè yon Flyers?

Mwen bezwen 30 a 45 minit pou m fè yon flyer koz depi byen avan mwen pran òdinatè a pou m travay, mwen gentan imajine tout bagay nan tèt mwen.

Kisaw gen ki bon lakay ou?

Mwen renmen lè moun bò kote m men kò m tout moun se pa tout lè Mwen renmen sa gen de lè mwen rete sèl.

Kijan yon moun ka kontaktew pou travay pou li?

Yon moun ki bezwen mwen kapab kontakte m sou nimewo m ki se +(509)39055519, ekri m sou paj Facebook Mwen ak enstagram.

Lèw te pran premye desepsyon nan viw,kijan sa te ye?

Sa te toumante m anpil anpil menm sèvi ak li pou m fè chwal batay, Kòm sous motivasyon mwen jounen jodi a.

Ki kote non Zebra 🦓 sòti?

Non Zebra sa sòti nan enprimant ki konn fè enpresyon badj yo. mwen te fèk entegre nan domèn enfòmatik enprimant lan te fini pa gen nèg kite ka enstale enprimant sa se chak fwa òdintè yo refòmate yo bezwen yon teknisyen ki pou enstale Zebra se konsa mwen di mwen ka enstale Zebra nou pa bezwen rele teknisyen ankò.
Depi jou sa non se Zebra tou rete pou mwen kòm eritaj.

Kijanw wè tèt ou nan 10 zan?

Nan 10 zan zebra ap gen yon antrepriz kap kanpe pou sak gen rapò ak grafik, foto ak videyo.

Fotografi ou enfografi kiyes nou yo ou plis renmen?

Enfografi ak fotografi se yon melanj youn pa mache san lòt gen Bagay ou bezwen reyalize ou dwe rele youn nan yo men moun konnen m plis sou enfografi a.

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa?

Pou nouvèl jenerasyon sa atant mwen se: Rive wè gen estabilite nan peyi a. Gen mwayen pou moun aprann epi egzèse pwofesyon yo. Se pou mwen wè Jèn yo gen Aksè ak metye pou yo aprann sa yo vle.

Kisa ki plis makew nan lavi w?

Sak plis make nan lavi m an ayiti se kesyon kolòn ki fè bagay yo menm siw kalifye yo pa vle baw travay.
Respè pou chak grenn jèn ki poko kite ti bout tè sa pou yo al yo lòt kote ann ankouraje sak bon.

Ki konsèy wap voye pou lajenès?

Kwè nan tèt nou, nou gen Valè.

Haiti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post