Kiyès ou ye ?

Smiley face

Ajans près an liy Haïti Post ap prezante w agro Wakenfort Pierre nan ribrik “KIYES OU YE?”. Ribrik sa sipòte pa : CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE – CAPOTAB

Kiyès ou ye ?

Mwen se Wakenfort Pierre, mwen fet nan yon lokalite ki rele mowo ki nan 3èm seksyon dèbay nan komin Boukan Kare, depatman Sant. Mwen soti nan yon fanmi ki gen 6 pitit, mwen se 3èm pitit nan fanmi an .

Ki kote w fè etid klasik ou ?

Mwen fè etid klasik mwen nan lekol nasyonal Boukan Kare a. Lekol segondè m nan kolèj sen Michel Boukan Kare ak kolèj evanjelik sekou danwo Mibalè, aprèsa mwen te desann pòtoprens.

Ki kote w fè etid siperyè ou ?

Mwen etidye agwonomi nan : Université centrale des Amériques, enfòmatik nan succès-info, Technique auto-école epi Standard english school .

Koman dènye baton nan men paranw te ye ?

Dènye bâton papa m te banm, se yon dimanch li te panse m legliz epi m te rete ap jwe kat ak kèk zanmi, li te pranm nan jwèt la, m pa kache di nou, m te wè tout koulè sof klè si tèlman m te pran baton. Men jodi a m gen kouraj pou m di ke se te pou byen m.

Kisa ki bon lakay ou ?

Sa ki bon lakay mwen, m renmen ankouraje moun k ap fè sa ki bon, m pa konn dekouraje fasil, m renmen moun .

Lèw te pran premye desepsyon nan viw kijanw te Santiw?

Premye desepsyon m te pran, m te panse lavi a te rive nan bout li, e se te difisil pou mwen poum te aksepte reyalite a, men m te rive reprann mwen .

Kisa agrikilti reprezante pou ou?

Agrikilti reprezante lavi nou, paske se li menm ki tout nou, agrikilti se motè peyi a .

Poukisa w chwazi vin agwonòm ?

M chwazi vin agwonòm pou m pote kontribisyon m nan sektè agrikol la epi bay asistans ak peyizan yo pou yo chanje fason yap travay .

Ki pi Gwo difikilte ou rankontre nan egzèsis pwofesyon w ?

Pi Gwo difikilte m te rankontre, m te envesti ak kèk zanmi nan yon plantasyon, aprè nou fin plante, pat gen lapli pandan 2 mwa, e nou pat gen posiblite pomp awozaj, e zanmi yo pat vle konprann reyalite a .

Siw ta minis agrikilti , ki premye bagay ou t ap fe nan domèn sila a ?

Si m ta minis agrikilti, m tap sansibilize tout kiltivatè pou yo travay plis epi mete mwayen disponib pou yo pou yo travay, konsa n ap sispann achte manje nan lòt peyi .

Kijan ou wè moun ki nan menm domèn ak ou ?

M konsidere tout moun ki nan menm domèn avèm tankou frèm, m gen lanmou ak respè pou yo tout .

Kijanw wè tèt ou nan 10 zan Ankò ?

Nan 10 zan ankò, m ta dwe genyen plizyè fèm agrikol nan plizyè komin epi map bay anpil anplwa ak lajenès .Men si peyi a rete janl ye a la a, nan 10 ankò sa ap tèrib nèt .

Si yon moun ta vle sipòtew kijan l ka fè sa ?

Si yon moun ta vle sipòte m, l ap ekri m oubyen rele m nan 4440-0208

Kisa ki plis make w nan laviw ?

Sa ki plis make m nan lavi m se yon lèt revokasyon nan yon moman m pa t janm espere.

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa a ?

Atant mwen de jenerasyon sa a, se wè jenès la sispann plenyen epi pran baton pèleren nou pou nou chanje sityasyon aktyèl peyi a ap fè fas. Se wè jenès la reprezante nan tèt peyi a, nan chanm depite, nan sena repiblik la epi nan meri yo.

Ki konsèy wap voye pou lajenès ?

Pa kite pèsòn dekouraje nou ak objektif nou yo. Se redi pou n redi travay pou nou reyalize rèv nou genyen yo epi pwofite chak opòtinite lavi a ba nou.🫂

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post