Lanmè a monte nan Pwent Sab, yon lokalite nan komin Zile Kayimit

Smiley face

Sa fè plizyè jou aprè tranblemann tè ki te pase 14 dawout la, moun nan Pwent Sab, depatman GRANDANS, ap fè fas ak gwo pwoblèm. Lanmè a pa sispann monte preske chak jou ki pase. Abitan nan lokalite sila se dlo y ap retire anndan kay yo chak lè lanmè a kite wout li.

 

Herby Victor se non yon Jiris ki abite nan zòn nan k ap dekri nou kòman sa ye: “Aktyèlman la tranblemann tè a kite nou ak yon domaj nan lokalite a. Lanmè a fin anvayi popilasyon an nèt. Chak jou moun yo se dlo y ap rerire andan kay yo”.

 

Nan yon videyo, kèk moun nan lokalite Pwent Sab te fè epi ki ap sikile sou rezo yo, ou ka wè aklè se tankou nan mitan lanmè a kay yo te bati. Granmoun ap monte desann, ti moun san pantalèt ap jwe nan dlo a, ta sanble pou yo pa gen okenn ris pou trape maladi.

 

N ap raple tranblemann tè 14 dawout la te koze anpil viktim nan gran sid peyi a. Plizyè milye moun te mouri, blese ak anpil lòt te disparèt, selon DPC. Jiskounya anpil moun ap dòmi anba tant, gen lekòl ki poko ka ouvè pòt yo nan gran sid peyi a.

 

Se nan yon sitiyasyon parèl anpil moun nan Pwent Sab ap travèse yon moman difisil san depi tranbleman tè a.

 

Schenayder STVIL

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post