Mwen sezi! Mwen sezi, wi mwen sezi

Smiley face

Mwen sezi wè kijan tout bagay ap fin depafini nan peyi Dayiti.

Mwen wè kijan dirijan peyi m kraze peyi a akoz yon kesyon de enterè pèsonèl.

Mwen sezi wè kijan enstitisyon peyi a ap chanje dan nan bouch yo tankou lè yon fanm ap chanje kotèks lèl gen emoraji

Mwen sezi wè kijan pa gen tèt ansanm ankò nan peyi dayiti kote lanmou,linyon,la charite,la kominikasyon, respè youn pou lòt,edikasyon,jistis tonbe nan bwat fatra,nan twou ego.

Mwen sezi wè kijan tout tradisyon yo fin ale nan peyi a.
Mwen sezi wè kijan peyi a tounen hanyon tout lajounen peyi a ak yon vye rad sal sou li ki pa janm ka chanje.

Mwen sezi wè kijan peyi a santi fò,kijan eskanp figi peyi a vin long tankou timoun ki fè malnitrisyon. Peyi a pa jwenn savon pou l benyen.

Mwen sezi wè jan grenn zye peyi a fon.

M sezi wè kijan jenès peyi a ap fin depafini tankou yon kreyon kote jenès la pa ka prodwi ankò, jenès la pa vle aprann ankò paske lè yo fin aprannn yo pa ka jwenn travay. Yo oblije livre yo a yomenm ak 2 men ap balanse, finalman yo nan kidnapping, yo nan program kote mizik ki gou nan bouch yo se mizik devègonday yo

M sezi wè kijan mizik ki chaje ak moralite yo tonbe nan poubèl.

M sezi wè kijan jenès la pa fè lekti ankò ni fè okenn rechèch pou fòme tèt yo.
M sezi wè kijan medya a depafini nan peyi a kote jounalis pa bay enfòmasyon ak fòmasyon anko,majorite konvèti tèt yo an machann mikwo pou yo ka souse manmèl.

M sezi wè kote anpil radyo ak televizyon se vye bagay imoral, video imoral ke yap woule tout lajounen nan peyi a.

M sezi wè kijan manje vin yon liks, yon mirak nan peyi dayiti paske jou w jwenn chans ou manje a se prese di bondye mèsi, pa mande Bondye menm si w ta jwenn yon kola ou kage dèyèl.

M sezi wè kijan jenerasyon an ap findepafini sou pye e ke jenerasyon kap vini nan 10-15 zan ankò gen posiblite pou yo pa konn li, paske yo riske pa jwenn lekol serye ak bon pwof pou travay ak yo pliske tout pwofesè anvi kraze kite sa.

M sezi wè kijan nèg isit pa gen konsyans e pito peyi ak raze olye pou yo pa ta anndan pouvwa pou souse manmèl bèf la kap ba yo bon lapòy.

Bon finalman, sezisman vle touye m. E w ta sezi wè sa, pifò ayisyen fin pèdi tèt yo tèlman gen pwoblm nan peyi sa. Antouka kite m swiv toujou pou m wè kote sa ap rive!

Ronald BOSQUET, LE POSITIVISTE

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post