Mwen sispann renmen w

Smiley face

Mwen sispann renmen w
Paske w riske rete kè m
San regrè
San voye monte
M asepte tiye je m
Sou tout mal verite ka fè
Santiman m yo vin fad
Kè m bat tankou tanbou
Ou se batiman ki pou fè m fè nofraj

Mwen sispann renmen w
Depi lè m wè kay koule
Kapab twonpe lapli
Depi lè lalin twonpe vijilans moun
Depi lè santiman w chanje katye
Mwen blije met kè m alabri
Malgre dlo je m te anonse move tan
Fwa sa se tout bon
Mwen pap pran kantik ak priyè
Mwen kouve twòp manti
Se atò ou deside ponn
Mwen te toujou chanje chemiz pou ou
Malgre w pat janm swe pou mwen

Mwen sispann renmen w
Depi lè pwezi m pa pran fòm moun
Kè m malere
Pandan ri m mwen rich

Se nan fouye kouto
Anndan kè yanm
Se la atò!
M aprann rayi w
Se nan babpoubab
De je kontre
Manti kaba
Se la atò!
M aprann viv san ou
Nan yon segond
Yon ti lòsyè jalouzi
Ka mennen m peyi san chapo

Mwen sispann renmen w
Depi lè m rayi soufrans
Move san yo kaye jouk nan je m
Souvni yo an galimatya
Pandan anvi yo dekonstonbre m
Se nan kwè tèt mwen
M anti w fè mikalaw

M aprann kenbe men van
Pou m konble absans
Yon moun ki pat janm prezan
Lè m wè bonè m
Kouri kache pou ou
Se depi lè sa
Mwen sispann renmen w

Mikerson Louis 

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post