Site a bezwen solèy

Smiley face

Site a bezwen solèy.                                                 Fè nwa blayi gran jounen
Fòs fè nwa ap layite
Bandi chante bal pase atis
Site a konte kadav pase gran simityè

Nou se pitimi san gadò
Chak jou se menm kò gang yo
Jou yo sanble youn ak lòt
Jou ale jou tounen
Solèy la pa janm leve
Fòs fè nwa kontinye ap pyafe
Moun yo mouri pi plis
Timoun yo grandi nan chagren
Site a livre ak li menm
Bandi tounen vokasyon

Site a bezwen solèy
Pou vanpi sispann bwè san
Pou kriminèl notwa
Sispann fè n lalwa
Ah ui fòk solèy la leve!
Pou anwo sispann kont anba
Bandi fè kadejak sou site a
Site a gwòs
Li akouche lamizè
Dezespwa sèvil parenn
Site a cho
Akoz bandi kap pete bal
Menm zwazo pa vole
Chak dlo lapli nan site a
Gen anpil se dlo je moun kap kriye
Nan chak kout loray
Gen anpil kout anmwey
Nan chak ti van
Genyen se souf moun ki koupe

Site a bezwen solèy
Pou timoun sispann konte sou kadav
Pou bandi pa yon metye
Fòk solèy la leve mezanmi!
Lè solèy la leve tout bon nan site a
Tout nèg pral ame tèt yo ak liv
Dirijan abolotcho ap pran pataswèl
Lè solèy la resi leve tout bon
Anpil zotobre pral sezi
Trèt makiye gen pou l avwe
Lè solèy la resi leve
Lanmè va chaje ak touris
Lakansyèl pral fèn je dou
Lè solèy la resi leve
Moun va mache kote yo vle
Site a va rekonstwi
Gwo kout ri pral ranplase anmwey
Delivrans va soti nan fant janm lamizè
Solèy la gen pou l leve nan site a
E site a ap sispann nan mal site
Site a gen pou l briye
Site a gen pou l kwaze pye l
Pou l ap bwè diven
Nou pral montre yo de fwa dis ven
Site a jis ap tann limyè solèy la
Nan yon ti tan ki trè kout
Nan yon bat je
Nan yon kout zeklè
Fè nwa pral disparèt
Pou solèy la leve

Mikerson Louis

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post