Apèl a rekonsilyasyon nan kominote Mibalezyèn

Smiley face

Mibalè, jedi 6 oktòb 2022

Nòt pou laprès

Mwen menm, Max Millien, ansyen ajan enterimè komin Mibalè, ap gade ak lapenn van divizyon sa ki vle soufle sou pitit li yo ki vle fè nou bliye ke Mibalè se pou nou tout e se nou ki dwe konstui Mibalè ke nou reve a.

M ap mande pou tout pitit Mibalè fè yon depasman pou n ka jwenn yon solisyon ak chire pit sa ki pa gen lòt objektif ke mete abse sou klou. Lavi chè, pri gaz ki monte, yon premye minis ki p ap dirije. Sa yo deja twòp bagay k ap fè nou soufri chak jou pi plis.

M ap salye lidèchip kek jenn tankou Donald Gerome, Gregory Chevry, Me Mamousse Pierre Toussaint, Jonas Pierre ak ti mesye k ap antreprann aktivite nan konsila a Dominiken an. Mwen vle fè nou konprann ke nou tout gen yon Mibalè pwospè nan tèt nou ak mwens inegalite sosyal.

Jodi a nou pa gen anyen pou n pèdi nan kominote a men n ap chèche sa nou pa genyen. Nou pa gen pou n kraze brize men nou dwe chèche frennen divizyon an nan yon tèt kole ant pitit Mibalè pou chèche sa nou manke. Van rekonsilyasyon an dwe vante byen fò sou kominote a. Pou m parafraze ansyen PM Evans Paul: “soup devlopman pa bwè ak fouchèt divizyon!”.

M ap mande ak moun k ap pran non Nehemie Joseph 3 lanne apre asasina l pou bay lot moun pote chay pou yon gen politik, dwe sispann ak pratik sa ki pap ede nou al kenn kote. Fanmi Nehemie ak Nehemie pa merite sa. Ann kite lajistis bann limyè sou zak malonnèt sa ki te atake pèp Mibalè a jouk nan kè l!

Mwen konnen lidè manifestasyon yo pa mele ditou ak zak vyolans ki akonpaye manifestasyon yo lè y ap pase nan kèk ri pou fè kèk move zak tankou pran bagay ti machann lè n pase nan mache a ak tire wòch sou kèk enstitisyon piblik kou prive.

Mwen pwofite de ti nòt sa pou m mande nou tout pitit Mibalè pou n fè yon depasman pou n mete enterè Mibalè devan nan tout sa n ap fè.

M ap prezante eskiz mwen bay popilasyon an paske m te dwe pale deja ak sou beton an ak yo pou te fè pase ansanm revandikasyon nou yo.

Mibalè se pou nou tout, ann fè yon inyon fratènèl!

Mèsi!

Max Millien
Ansyen ajan enterimè komin Mibalè

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post