aprè anpil Kesyon ayisyen ap poze ta sanble poko janm gen yon repons serye, e si ta gen yon repons ki sa liye?

Smiley face

Kakanini (etazini) se zanmi nou, ou byen lap profite sa nou genyen?

Yo pran nou pou moun, ou byen pou bèt?

Nou ka oze di plis ke bèt lè nap gade mizè ayisyen ap pase anba grif KAKANINI.

 

Maltrete nou sou pwòp tèritwa nou, se tankou yon timoun ki rete kay madanm yap peze manje cho nan menl, se tankou nou toujou nan esklavaj.

 

Se yo ki mete minis, se yo ki chwazi prezidan pran pòz fè eleksyon pou pase nou nan watè.se yo ki mete direktè polis ak anpil lòt ankò.

Se toujou moun ki nan dwòg, moun kap finanse gang, moun ki nan bagay ki pi sal ki toujou nan pouvwa.

Ta sanble nap peye paske nou se premye pèp nwa ki lib sou latè, ta sanble KAKANINI bliye si se pèp sa kite ede yo goumen.

 

Si yo pa bliye, se nen ak konsyans yo pa genyen, oubyen yo sanwont?

An 2021 yo pate ka depote ilegal yon pakèt moun e imilye yo, mete yo domi nan yon chanm frèt, fè yo kouvri ak yon plastik.

Avan sa kite yo dòmi anba pon, yo pa benyen, yo pran bòs dan yo, polis sou cheval ap kouri dèyè yo rale yo, frape yo atè.

 

Nap di mèsi ak KAKANINI(etazini), yo fè sa yo pwomèt, yo dechire nou, fè nap batay chak jou antre nou, se lakay yo zam ak bal ap soti chak jou pou finanse bandi, men tout Ayisyen konen yon jou lap jou, menm si nwit lan long anpil solèy la ap toujou gen rezon.

 

Menm si lannwit la long koul long solèy la ap toujou gen rezon.

 

Stvil Schenader

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post