Montana,Dezakò 08 out 2021

Smiley face

Montana, Oasis, Karibe hotel, se kèk vèb ki pa sispan konjige nan dènye jou sa yo, militan politik mele ak moun nan sosyete sivil, pa sispan’n fè reyinyon fè kwè pou jwenn yon antant ak tout sektè nan la vi nasyonal la pou met an plas yon tranzisyon koupe fache.

 

Nan yon video ki pa sispann fè pakou sou rezo sosyal yo, ta sanble goumen pete nan otèl Montana anpil sitwayen fache, tab ap vole tribò pa bò, chèz menm paka ret anplas, wata di se yon pwav ki tonbe nan reyinyon an. ” Nou pa nan akò, gen yon akò deja”: vwa militan ki te anvayi espas la.

 

Swit aprè mezantant sosyete sivil ak kèk militan nan otèl la, ansyen senatè Youri Latortue fè konnen sou kont Twiter li ” AAA kondane dezòd ki pase nan otèl Montana akòz akò politik la pa enklisif la.

Senatè a kontinye poul di, AAA Fè konnen, nan itilite pou rezoud kriz la byen okenn sektè pa dwe deyò, konsa tou okenn sektè pa dwe pran yon desizyon poukòl”.

 

Non prezidan sena pa t sispann site nan rankont sila, senatè a pat rete sanl pat di anyen. Men m jou a li sòti yon nòt poul di.” Avèk anpil endinyasyon li tande kèk militan asosye non’l ak dezòd ki t’ap fèt nan otèl Montana lindi 30 out la, nan yon reyinyon pwomotè yo pwopoze pou soti nan kriz la.

Senatè Joseph Lambert kontinye nan nòt la poul di, li demanti fòmèl e kategorikman ak tout inplikasyon zak pou twouble rankont lan.

Tout moun konnen li pa janm pratike mannèv brital poul chanje opinyon, li kondane tout fòm vyolans nan rejim demokratik la.

Poul fini nan nòt la li di, jodia, peyi a ap tan’n tout elit li yo, tout fanm ak tout gason ini yo jwenn yon antant pou sòti peyi a nan kriz sila ki dire twòp” sete nòt animal politik la

 

Antouka tout moun konnen Prezidan Jovenel Moïse preske gen de mwa depil mouri asasinen lakay li, poko janm gen jistis pouli, poko gen moun ki ranplasel nan palè nasyonal. Men premye minis lan toujou ap jwe titato poul rete nan pouvwa, chak sektè bezwen mete yon prezidan sa vin lakoz akò sou akò. SDP (Sektè Demokratik ak Popilè) fè konnen nan yon konferans pou laprès, yo bay 8 jou pou lòt sektè yo jwenn yon bagay. Si non pati Me. André Michel la genlè ap pase an gwo ponyèt.

 

Stvil Schenader

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post