Kiyès Bonnie ak Clyde te ye?(D’après les couples célèbres)

Smiley face

Jan nou konnen l nan, gen yon mizik Wendy soti ki gen pou tit Bonnie and Clyde kote atis la fè mizik sa ak Danola. Men an reyalite nou pa vrèman konn kisa ki kache dèyè istwa mesyedam sa yo (Bonnie ak Clyde).

Yon istwa ki kapab touche anpil moun paske li vrèman tris epi li melanje ak lanmou.
Bonnie Parker fèt an 1910 nan yon fanmi pòv nan vil Tekzas Ozetazini. Lè l gen kenzan li ta pral epouze yon vwayou, kote li pat vrèman viv ansanm avèl, dabò paske li te kontinye ap viv lakay manman l, ansuit maril la te kondane nan prizon pou 5 an pou vòl ak zam. Kidonk demwazèl la te konsidere tèt li lib lòske li te rankontre an Janvye 1930 Clyde Barrow,nan vil Dalas.

Clyde Barrow gen sèlman yon lane anplis li. Sizyèm pitit nan yon fanmi peyizan pòv, Clyde grandi menm jan avè l nan libète. Clyde te komèt premye delenkans li nan vòlè kawotchou apre li ta pral pase nan aksyon ki pi serye tankou vòl ak vyolans. Bonnie te vin renmen ak Clyde, kòm li tap viv lakay manman l, li te resevwa Clyde lakay manman l lan. E se lakay manman l lan lapolis ki tap chache Clyde te vin arete l. Fwa sa Bonnie ki pat vle separe ak mennaj li, li bat pou l jwenn yon zam pou l te arive soti Clyde nan prizon. Men yo ta pral pran Clyde tousuit apre, fwa sa yo kondane l pou 14 an. Men an fevriye, li benefisye yon remiz pèn epi yo relache l.

Liberasyon sa se te okazyon pou l te repran ansyen aktivite l yo an konpayi yon konplis ki gen menm vi avè l. Poutan Bonnie ak Clyde pat twò abil . Yo te siprann yo nan yon vòl ame, yo te refize rann tèt yo. Apre yo pouswiv yo, yo te finalman pran Bonnie. Li te jwenn liberasyon l an jen 1932, li t ap chache al jwenn nèg li. Men Clyde te oblije nan kache, anplis li te tounen mètriye: li te komèt premye krim li pandan Bonnie te nan prizon, li tiye yon patwon episri jis paske l te nève; epi l te blese mòtèlman de polisye pandan mwa Out 1932. Se depi lè sa desten koup la ki te refòme nan fen ete a te tou trase.

Pou yo te ka chape anba men lapolis, Bonnie ak Clyde te blije mennen yon vi mawonaj nan tout wout Ozetazini. Byen rapid yo te vin gen lòt kriminèl ki te rejwenn yo tankou: Buck ak Blanche, ki se frè Clyde avèk madanm li, ansanm ak de lòt bandi. Yo te fòme yon veritab asosiyasyon gang Barrow,ki te livre yo ak plizyè agresyon epi vòl ak zam. Bilan zak yo terib, benefis yo reyalize yo vrèman minim: an oktòb 1932, yon moun asasinen pou sèlman 28 dola! De mwa apre , yo ta pral asasinen propriyetè yon machin jis pou yo ta ka vòlè machin nan. Yo pat vrèman gen anyen pou yo te pèdi, yo te montre yo trè danje,epi chak fwa yo kwaze ak fòs lòd yo sa te souvan fini nan avantaj yo.

Se konsa sou yon wout Tekzas, Bonnie ak Clyde masakre de polisye sou moto ki te jis kanpe yo pou poze yo kesyon. Nan vil Oklahoma, yo tiye yon polisye epi yo pran yon kòlèg li an otaj pou yo pwoteje tèt yo pandan yap chape. Malgre dèfwa yo pa nan sitiyasyon ki danje yo kreye pwoblèm ankò. Tankou yon jou chemen yo kwaze ak yon gadyen ki tap eskòte 5 prizonye, yo touye gadyen an epi yo libere prizonye yo. An tou yo atribye anviwon 12 zak asasinay ak Bonnie ak Clyde epi ak konplis yo.

Nan fuit yo yo te konn itilize machin yo vòlè tankou mak machin Ford, kote Clyde te renmen vitès ak fyabilite machin sa. Akoz li tap kondi rapid, li ta pral fè yon aksidan kote Bonni ta pral gravman brile. Nan enposibilite pou l ta al lopital oubyen pou l ta konsilte yon doktè, demwazèl la rete pandan plizyè jou ant lavi ak lanmò avan li te finalman retabli. Kèk tan apre Buck Barrow ta pral jwenn lanmò l nan yon anbiskad kote Blanche ak yon lòt manm gang nan jwenn arestasyon. An Me 1934, Bonnie ak aman li, dezòmè pou kont yo, refijye an Lwizyàn sou teritwa papa youn nan konplis yo. Fèmye a ki pat an konfyans akòz prezans yo denonse yo bay lapolis. Yo te kouri kite espas la nan machin. Malerezman pou yo yon gwoup polisye te tann yo yon pyèj nan wout yo tap pase a, nan moman yap rive sou machin nan plizyè polisye ki te kache nan yon raje ouvè katouch sou machin yo a. Polisye yo tire anviwon 250 bal nan 2 minit. Yo te touche mòtèlman, Bonnie ak Clyde efwonde. Nan vil Akadya kote yo te mennen kò yo, yon foul moun kouri vin gade èske se vre. Moun ki nan kanpay ki tou pre a kouri vin gade e menm touche kadav de jèn moun sa yo ki defye kronik kriminèl la pandan de lane. Machin yo a ekspoze nan yon magazen nan vil la transfòme pou okazyon an an mize. Machin nan yo ta pral vann li an 1973. Moun ki achte l la se pral yon lòt kriminèl trè selèb,ki se yon patwon dwòg kolonbyen ki rele Pablo Escobar.
Kidonk istwa Bonnie ak Clyde la se istwa de jèn ki te chwazi mennen yon vi kriminèl. Yon tris selebrite akòz zak asasinay yo komèt yo epi karaktè menm asosiyasyon an ki ini womantikman nan malè yon jenòm ak yon jèn fanm.

 

Louis Mikerson

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post