Kiyès ou ye?

Smiley face

Ajans près an liy Haïti Post ap prezante w Me Ducarmel Nicolas nan ribrik “KIYES OU YE?”

Ribrik sa sipòte pa: CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE

Kiyes ou ye?

Mwen se Ducarmel Nicolas, mwen soti nan komi n Tomazo, m ap viv Boston nan Massachusetts.

Ki kote ou fè etid klasik ou?

Mwen fè primè m nan Collège Luc Grimard potoprens pou sekondè m se te nan Collège Constant D Pognon menm fè filo m nan collège René Descartes.

Ki kote ou fè etid siperyè ou?
Pou etid siperyè m mwen te kòmanse nan IHECE, Institut Des Hautes Etudes Commerciale et Economique apre 2 ans mwen te kite pou m al nan faculte de droit de Port au Price, lè m vwayaje mwen fè jistis kriminèl nan Bunker Hill Community College epi fè Criminologie nan University of Massachusetts nan Boston.

Kijan dènye baton ou te pran nan men paran w te ye?

Dènye baton m pran se li ki fè m moun ke m ye a se te kouzen m ki te banm li paske m pat vle etidye lè sa m te nan primè.

Kijan w te santi w lè w te pran premye desepsyon nan vi w?

Premye desepsyon m se lè m te fèk jij mwen t ap antre nan pakè pòtoprens sekirite komisè a pa t vle m antre paske l te di sa l wè a pa ka jij. M te vekse menm te kalm mwen montre l badj mwen epi l kite m pase.

Poukisa se chwa Avoka ou te fè?

Mwen te chwazi avoka paske li se yon pwofesyon liberal ou manje ladan l bonè se pou sa m te kite IHECE pou m te al nan dwa.

Kijan w wè tèt ou nan 10 lane?

Nan 10 lane ankò m ap gen 60 lane, m ap o sèvis de jenès peyi m pou m pataje ekperyans mwen ak yo. A laj sa mwen p ap kay blan depi Ayiti gen moun kap viv ladan l toujou map ladan l.

Kijan w wè sistèm jistis peyi a?

Sistèm jistis la trè malad depi anpil tan kounye a malgre gen CSPJ li vi n pi mal e rezon an se pa gen fòmasyon pou jij yo, yo pa bayo materyèl pou yo travay epi yo pa peye yo byen.

Kijan w santi w lè w ap tande kijan jistis ap bay nan Tomazo antanke ansyen Jij?

Pou Tomazo se yon katastwòf gen 3 jij pa gen yonn ki domi e leve nan komi n nan si gen yon ka nan nwit ki nesesite prezans yon jij moun yo ap oblije tann pou demen e la ankò se pa garanti paske yo ka pa disponib pou plizyè rezon tankou wout bloke, ensekirite, elatriye. Frè pou sèvis yo pa respekte tankou lèt envitasyon, konsta, sètifika bòn vi ak mès, elatriye. San konte gen jij k ap pran kob pou bay jistis.

Lè w te jij kisa ki te plis make w nan komin lan?

Lè m te jij sa ki te pi make m se respè ak lanmou pèp Tomazo te toujou gen pou mwen, pat konn gen eskandal ki gen kounye a nan tribinal la, te gen bon jan amoni ant jij ak grefye yo.

Eske Moun Tomazo ka toujou espere w ap patisipe kòm kandida lè ap gen eleksyon nan peyi a?

Pou sa ki gen ak kandida se non, mwen pa gen lide sa, menm si m pap di jamè men ide sa poko la e li pap la pou eleksyon kap vini yo.

Si w ta depite ki sa w panse ou t ap ka fè anplis ke ansyen depite an pat fè?

Si m te depite tout sa m tap fè t ap an plis ke ansyen depite a paske li pat fè anyen ko m depite si non bay manti nan yon seri de bagay ki pat nan atribisyon l.
Si m te depite se sur ke m tap gen yon pwopozisyon lwa ki tap met leta nan obligasyon pou l sispann trete jistis la an paran pòv, fok ta gen fòmasyon kontini pou jij yo, fòk leta ta bay jij yo mwayen pou yo travay, fòk yo ta peye jij yo pi byen apre tout sa lè yo genbe yon jij nan koripsyon fok yo ta arete l, jije l epi kondanel si yo ta jwenn li koupab.

Kisa ki pi makew nan viw?

Sa ki pi make m nan vim se nesans premye pitit fi m. Avèk li mwen te sispann viv pou mwen kote mwen tap viv pou li, kounye a fanmi an vi n grandi se pa li sèlman.

Ki mesaj wap voye pou jèn ki anvi fè menm chwa avèw?

Mesaj map voye pou jè n ki ta renmen fè chwa m te fè a se kraze bèt nou, kwè nan objektif nou pa tann se moun ki pou pale pou nou donk fonk nou pale pou yo ka wè nou ak valè ke n genyen. Mache travay la pa fasil men ak pwofesyon avoka menm si se nan tribinal de paix nap jwenn yon bagay pou n fè kòb.

 

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post