Kiyès ou ye ?

Smiley face

Ajans près an liy Haïti Post ap Kaffarelli Chevalier nan ribrik “KIYES OU YE?”

Ribrik sa sipòte pa : CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE – CAPOTAB

Kiyes ou ye?

M se Kaffarelli CHEVALIER

Ki kote w fè etid klasik ou?

Ecole Jean Marie Guilloux
Institution St-Louis de Gonzague

Ki kote w fè etid siperyè ou?

INAGHEI, IERAH-ISERSS, Institut Universitaire des Sciences (IUS)

Koman dènye baton nan men paran w te ye?

Sa fè vrèman lontan m pa sonje.

Kisa k pouse w antre nan monn
antreprenaryal la?

M te swete bay patisipasyon pa m nan pwosesis kreyasyon ak pwodiksyon richès peyi a, bay le bra nan devlopman l.

Ki sa w gen ki bon lakay ou?

M se yon moun ki trè aktif, m mete anpil enèji kote m ye epi renmen echanje.

Lèw te pran premye desepsyon nan vi w, kijan w te santi w?

M te santi m pèplèks pou kontinye men an menm tan te gen yon jwa tou paske se eprèv ki ede moun grandi.

Poukisa se chwa transfòme pwodui lokal yo ou fè?

Im nasyonal la di se nan tè fòs nou chita, m swiv gwo pawol pou ede peyi m devlope.

Ki kote non KAÛNA CHOKO sòti?

Sa senbolize inyon ki genyen ant mwen menm ak asosye m (Kaffarelli ak Naphana) se yon fason tou pou n salye youn nan rèn ki pase sou tè Dayiti (AnaKaoNa).

Ki pi gwo difikilte ou te rankontre lèw t ap ouvri KAÛNA CHOKO?

Pwoblèm finansman

Kijan ou wè agrikilti peyi a?

Se yon sektè ki gen anpil potansyèl, li mande sèlman pou nou modènize bagay epi adapte yo ak mond aktyèl ka.

Siw ta minis agrikilti, ki premye bagay ou tap fè nan domèn sila a?

Sansibilize jèn yo sou enpotans sektè sa, ankouraje yo ladanl epi ede yo demare aktivite yo ladanl.

Aprè KAÛNA CHOKO eskew konte met lòt pwodwui sou mache a?

Wi wi, plizyè lot.
Kijanw wè KAÛNA CHOKO nan 10 zan?
Se youn nan pi gwo antrepriz nan domèn transfomasyon.

Kijan yon moun ka fè poul jwenn KAÛANA CHOKO?

Yo ka rele nou
+509 46210514/37064112
Pase nan makèt yo
Oswa monte sou paj nou yo
Instagram: kaunahaiti
Facebook: kaûna

Si yon moun ta vle supòtew kijanl ka fè sa?

Pase achtel nan makèt yo
Patajel ak pwoch
Fè ti videyo pou montre jan nou apresye pwodwi a.
Rantre nan rezo distribisyon nou an.
Ede n konkeri nouvo mache.
Epi finansyèman pou n ka kontinye grandi, kreye plis travay, mete plis pwodwi bon kalite sou mache a.

Kisa ki plis make w nan lavi w?

Se jan Ayiti se yon peyi ki bèl e ki rich.

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa a?

Pou yo aprann konnen peyi a tout bon vre, aprann renmenl epi travay pou vin pi bèl.

Ki konsèy wap voye pou lajenès?

Pou yo konsantre yo sou vrè valè ki gen nan lavi a, pou yo aspire a gwo rèv ki pozitif, pou yo kwè nan tèt ansanm epi travay pou yo enspire timoun ki pi piti yo.

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post