Kiyès ou ye ?

Smiley face

Kiyès ou ye?

Mwen se Woodline Saint Dique. Pwofesyon m se jounalis, m ap travay pou kounya nan Radio Télévision Sans Fin (RSF/TSF). Men avan m t ap travay nan Radio Horizon 2000 pou premye eksperyans mwen aprèsa m te pase tou nan RCH2000.
Mwen se moun Kenscoff. Mwen soti nan yon fanmi ki gen 7 pitit, m se premye a. M se manman 3 pitit, 2 fi yon gason.

Ki kote ou fè etid klasik ou?

Mwen fè prèske tout etid klasik mwen Kenscoff. Primè: nan lekòl Mission Baptiste de Kenscoff
Segondè: nan CEGEC, Frères Louis de Kenscoff epi Lycée Benoit Batraville.

Ki kote ou fè etid siperyè ou?

Mwen aprann jounalis nan Institut Francophone de Journalisme (IFJ). Mwen aprann anglè nan Shiny English School.
Mwen nan premye ane fakilte Etnologi.

Kijan dènye baton ou te pran nan men paran w te ye?

M pat yon timoun ki te konn pran anpil baton nan men paran m men baton mwen sonje m pran se te lè m te ansent, manmi m te tèlman fache pou sa k rive a (paske mwen te ansent ak 16 zan) li te kale m nan pye, li pat vle ban m kou nan lòt pati nan kò m pou evite nwi bebe a😅

Kijan w te santi w lè w te pran premye desepsyon nan vi w?

Premye desepsyon m pran se lè m te tonbe ansent ak 16 zan. Mwen t ap fè 9e ane fondamantal. Anpil moun te konte sou mwen sitou manmi m paske mwen te entelijan lekòl. Men nan al fè ti goute, m tou kole e sa te lakoz fanmi m te resevwa anpil kritik nan men fanmi, zanmi, fidèl legliz (paske m te konn patisipe nan travay legliz kòm adoratris, prezidant jenès elatriye). Nan sitiyasyon sa, m te santi m jennen anpil pou m mache ak vant lan men apresa manmi m te vin refè lespwa boujonnen nan mwen lè l di m:” pitit la ap fèt n ap okipe l epi w ap retounen lekòl pou w ka rive yon bagay nan sosyete a. E se konsa mwen te pran kouraj mwen ak 2 bra mwen akouche epi mwen tounen lekòl kote la ankò m ta pral jwenn kritik nan men elèv parèy mwen yo ki te pran nouvèl mwen te ansent.

Poukisa se Jounalis ou chwazi?

Poukisa se jounalis mwen chwazi? M te ka di pito se jounalis la ki te atire m paske depi lè m te adolesan, m te toujou santi yon lòt santiman lè m ap tande swa yon jounalis k ap prezante oubyen yon animatè nan yon emisyon. Lè konsa mwen mete m nan po yo, m ap eseye fè sa y ap fè a lakay mwen. Konsa m vin di tèt mwen fòk mwen tankou moun sila yo lè m gran. Pou moun ap tande vwa m sou radyo tou. Men kòman mwen vin yon jounalis. E mwen kwè metye sa li pèmèt ou genyen konesans sou anpil domèn (menm si li pa apwofondi) sitou pou sila yo ki renmen fè rechèch, swiv fòmasyon elatriye. Lè w se jounalis ou gen posibilite pou fè vwa sa ki pi fèb yo rive byen lwen nan zòrèy konsène yo. Se yon privilèj.

Ki janw santiw kòm fanm nan domèn sila?

Menm si lontan, anpil moun te panse se gason sèlman ki travay nan domèn sa men m ka di antanke fanm Mwen santi m nan po m paske se yon metye mwen renmen sitou lè m ap prezante jounal. M pa vrèman gade m tankou yon fanm nan domèn nan men mwen wè w tankou yon jounalis k ap fè sa travay la mande a.

Kijanw wè tèt ou nan 10 lane?

Jan peyi a ap mache la, li prèske pa posib pou yon moun prevwa kisa ou kapab devni nan ane k ap vini yo men sa pa anpeche mwen wè tèt mwen kòm yon gran jounalis nan 10 zan kap vini la yo, ki sèvi ak mikwo l pou l ede sosyete a avanse, pote pawòl lespwa pou jèn yo. Mwen wè m nan 10 zan tou tankou yon antreprenè k ap pran inisyativ sitou nan komin kote m soti a (Kenskoff) toujou nan lide pou ede kominote a avanse.

Fèt manman sa sa vle di pou ou?

Fèt manman, se yon dat spesyal ki chwazi pou onore tout manman yo menm si li mouri oubyen vivan. Paske manman yo reprezante anpil pou chak moun. Yo san parèy. Imajine yon moun ki pote yon timoun pandan 9 mwa ak tout doulè ak soufrans sa gen ladan l, jou akouchman menm se pa pale (genyen ki konn menm pèdi lavi yo nan moman sa), apresa pou l bay tete pandan 18 mwa, ba l manje, veye sou li (san nou pa bliye papa) jiskaske li ka itil tèt li, moun sa ekstraòdinè.
Pou yon moun konsa, yon sèl jou pa sifi pou onorel. Si yon moun konsyan kisa manman l reprezante tout bon nan lavi l, m ret kwè menm 365 jou nan ane twò piti pou l fè sa.

Kisa ki plis makew nan laviw?

1Sa ki plis make lavi m antanke manman se lè dènye tifi m nan Woodmarlie gendwa rele m” manman, manman” lè m panse se yon bagay lap mande m epi li di “ mwen renmen w”😍. Sa touche m anpil lè l fè sa. Anplis se lè yo 3 vini yo makònnen nan kò m, m konn mande si yo tout se pou mwen vre😅

Kijanw te santiw lèw pran nouvèl mariw mouri?

Lè m pran nouvèl Mari m mouri, m pat konn sa pou m fè, m pat vle kwè nouvèl la. Lè l antere vre, M te santi se tout mwen menm ki mouri tou. A 19 an, pou m te gentan ap antere mari m ki kite m tou ansent, pou mwen se te yon katastwòf😭😭. M pat wè kòman m ta pral viv aprè lanmò sa. Erezman, paran m pat lage m pou kont mwen.

Leve plizyè timoun antanke manman e papa kijan sa ye pou ou?

Se pa yon tach fasil pou ap leve plizyè timoun san papa. Lè 2 moun yo la, ansanm yo jere pwoblèm ki vini yo sitou lekòl, bay manje, veye sou yo tou. Men lè se oumenm sèlman, chaj la anpil. Men fòk mwen di, gras ak fanmi m yo ki pa sispann ede m, tach la parèt yon ti kras mwens difisil. Si se pa sa kafe m tap gentan koule ak ma.

Ki mesaj wap voye pou jèn Manman yo?

Mesaj mwen pou jèn manman yo: pa dekouraje menm si w ta wè tach la difisil jounen jodi a men a fòs w ap fè l, w ap vin fè l byen. Epi pa bliye rele sou kò w. Pa rete sèlman nan okipe timoun pou w pa chache yon okipasyon bay tèt ou. Al lekòl, aprann metye si w pat ko fè sa epi pwouve sa w ka fè. Wi ou se manman, ou dwe pran swen mari w ak pitit ou men tou fòk ou fè tèt ou plezi. Kontinye fè bèl rèv ou te genyen avan yo epi chache mwayen reyalize yo. Mwen menm, se te rèv mwen pou m fini lekòl, aprann yon metye, travay sou li epi kontinye etid mwen, mwen fè yo. Aktyèlman, mwen nan premye ane sikoloji nan fakilte Etnoloji. Rèv mwen pa kanpe la.

Ki mesaj wap voye pou la Jenès?

Se prèske menm mesaj la m ap adrese ak jèn yo ki jounen jodi a plis kwè nan tann sa peyi a ka ofri yo.
Al lekòl, fè etid. Pa neglije aprann! Konesans pa janm gaspiye. Pa gen anyen ou aprann ki pap ka itil ou demen, ou pa konn lavi. Pandan ou gen tan jodi a, pwofite fè tout sa ki ka itil ou demen, pita pou w pa regrèt. Si w tonbe, pa rete atè a. Se pa moun ki pa janm tonbe a ki fò men se moun ki tonbe ki leve aprè a k ap genyen batay la.

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post