Kiyès ou ye ?

Smiley face

Ajans près an liy Haïti Post ap prezante w Me Ashley JEAN BAPTISTE, direktè administratif Haïti Post nan ribrik “KIYES OU YE?”

Ribrik sa sipòte pa: CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE

Kiyès ou ye?

Mwen se Ashley JEAN BAPTISTE, avoka nan bawo Mibalè, teyolojyen, memoran nan syans levasyon. Mwen fèt yon 11 Jen. Mwen se kopwopriyetè ajans près an liy Haïti Post e mwen jwe wòl direktè administratif nan komite jesyon an.

Ki kote w fè etid klasik ou?

Mwen fè etid mwen nan: Institution mixte Christa, Institution mixte Dumarsais Estimé, Collège mixte bon berger, Institution mixte source divine, Lycée Jacques 1er ak Institution mixte foyer divin.

Ki kote w fè etid siperyè ou?

Mwen etidye nan lekol dwa ak syans ekonomik Gonayiv. Mwen te nan Lekòl entènasyonal teyoloji. Epi kote m ap etidye syans levasyon pou kounya a.

Kòman dènye baton nan men paran w te ye?

Mwen pa sonje.

Kijanw te santiw lèw te pran premye desepsyon nan viw?

Sa rive lontan, menm pa bliye l. Se lè m vin gran m ap vin wè se yon desepsyon li te ye.

Lèw wè machann kann chany nan lari kijanw satiw?

Mwen wè yo tankou m wè tout moun nan sosyete a. Yo se moun ki patisipe nan konstui nou paske anpil fwa avan w antre lekòl la yo baw yon kout bwòs. M ap salye chany ki toujou bay elèv yo kout bwòs.

Kisa w gen ki bon lakay ou?

Sans estrik ke m genyen lè l saji pou m fè yon bagay ki merite fèt. Mwen toujou wè sa m ap fè dwe byen fèt.

Poukisa ou te fè Chwa vinn Avoka?

Se te yon chwa kalkile depi lè m te lekòl klasik. Defann sa k pi fèb yo te youn nan bay ki te pouse m vin avoka. Apresa se te yon pwofesè mwen ki te rele David Thomance ki te fè chimen sa deja ke m te kopye pou m rive la.

Kijanw te santiw lèw te pèdi premye pwosè ou?

Jiska prezan mwen gen yon nòt pozitif. Mwen poko pèdi pwosè. Mwen pa pran kòz pèdi davans.

Koman w wè sistèm jistis la an Ayiti ?

Pale de sistèm jistis nan peyi a se voye tè sou peyi ki gen sistèm. Nou gen yon aparèy ke chak grenn nèg ap fè zafè pa yo. Nou gen yon jistis ki ka jije ti afè. K ap kondane moun pou vòl e libere sa k arete pou vann bal.

Kijan w wè tèt ou nan 10 zan?

Nan 10 zan ankò, mwen wè tèt mwen kòm pwofesè k ap fè kou nan inivèsite pandan mwen respekte tout kalifikasyon sa mande. Mwen wè Haïti Post nan nivo France24 rive a kòm medya ki te komanse sou entènèt.

Siw ta minis jistis peyi an ki amelyorasyon ou t ap pote?

Mwen t ap eseye poze baz pou m kreye yon sistèm jistis. Apresa mwen t ap batay pou tribinal yo toujou louvri.

Kisa Haïti Post vle di pou ou?

Haïti Post vle di yon pakèt bagay pou mwen. Mwen rive yon kote mwen wè si n pat kreye Haïti Post, Haïti Post t ap kreye nou. Li okipe preske 50% nan tanm esa ki pa deranje paske m ap fèl pou yon bon kòz. M ap voye yon gwo kout chapo pou tout fanm ak gason k ap travay nan zèv sila a e remèsye yo paske yo fèl rive la.

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa a?

Mwen pa atann mwen ak anyen de li paske pa gen ankenn bay kalkile ke otorite yo fè pou pèmèt yo rive yon bagay. Nou gen jenerasyon ki pa ka 5 mwa lekòl sou 10 mwa ke l dwe fè e ki plis ap panse ak lanmò ke lavi.

Kisa ki plis make w nan lavi w?

Jou m fèt la ki plis make m e ki make lemonn tou.

Ki konsèy w ap voye pou lajenès ?

Degaje nou wete kò nou nan salmanaza sa nou ye la. Li lè li tan pou n pran desten nou nan men nou epi pou n frape pye n atè.

Haïti Post


 

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post