KIYES OU YE?

Smiley face

Kiyès ou ye?

Mwen rele Norbrun Grégory.

Ki kotew fè etid klasik ou?

Mwen fè etid klasik mwen Collège le normalien.

Ki kote w fè etid siperyè ou?

Mwen fè etid siperyè m école supérieure d’infotronique d’Haïti.

Kòman dènye baton ou te pran nan men paran w te ye?

Ah mwen pa sonje vre bagay lontan.

Kijan karyè w te kòmanse kòm Atis?

Ak anpil difikilte paske epòk mwen te kòmanse patko vrèman gen bagay sa yo Ayiti donk moun yo patko vrèman enterese se mwen ki te konn ap fè tout afè m pou kòm.

Kisa w gen ki bon lakay ou?

Mwen pasyan, mwen renmen ede moun fason m kapab, e mwen bay tout moun respè.

Konbyen jou ou pran pou w choute yon senaryo?

Sa pral depan de ki videyo m ap shoot la. M wè n ka pran 1 jou pou youn epim pran 1 semèn pou yon lòt.

Ki pi gwo pwoblèm ou konn rankontre lè wap ekri yon senaryo?

Dèfwa ide yo konn pran tan pou yo vini.

Lè w te pran premye desepsyon nan vi w, kijan sa te ye?

Li pat vrèman blese m paske sa fè pati de lavi mwen te jis kontinye travail.

Kijan w wè Atis kap fè feyton yo?

Sensèman, son sèl feyton mwen gade ki rele regrè lavi m e Win Christoo ki fèl sou youtube. Aprè sa m pa gad okenn lòt ankò.

Fednaelle ou byen Widiana, si w t ap gen pou w chwazi youn nan 2 atis sa yo pou yon pwojè?

Mwen tande tou lè 2 gen potansyèl men m poko gen chans gade yo kap acting esak fè m paka reponn ou byen, men youn nan actrice m renmen se Win Christoo lè l ap jwe wòl yo li alèz komsi se konsa l ye menm nan vrè vi an.

Kijan w wè tèt ou nan 10 lane?

Nan 10 lane mwen sipoze youn nan pi gwo antreprenè Ayiti ap konnen.

Fotografi ou Sinema, kiyes nan yo ou plis renmen?

Mwen renmen tou 2 menm plis renmen sinema paske m pi alèz ladan l. Mwen te gon chwa swa m ret nan fotografi ,swa m pran sinema o serye e mwen te chwazi sinema.

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa?

Mwen ta renmen nou fè l pi byen ke sa k te la deja yo.

Kisa ki plis make w nan lavi w?

Mwen sonje gonlè mwen ta pral bay vag a komedi an gon dam ki ekri m ki di m mèsi anpil si se pa video ou yo mwen t ap tiye tèt mwen deja li te apèn pèdi pitit li ou yon sèl mwen pa sonje men sa te fè m santi sa m t ap fè a se pa an ven gen anpil moun m ap ede gras a ti video mwen yo e sa te fè m kontan anpil .

Ki konsèy wap voye pou lajenès?

Pou yo sispann viv sou enfliyans moun paske gen yon bann moun kap voye yo al fe tenten men yo pap fèl pou tèt yo ke jenerasyon an pran vil o serye paske yo pa enplike nan anyen kounya tout e bagay mennaj yap jere.

Hancher DUVAL

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post