Kiyès ou ye

Smiley face

Ajans près an liy Haïti Post ap prezante w Danel NAPOLEON ak Nelda NAPOLEON nan ribrik “KIYES OU YE”.

Ribrik sa sipòte pa : CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE – CAPOTAB

Haïti Post : Kiyès ou ye?

Danel: Mwen se Danel Napoleon. M fèt lopital Jeneral nan pòtoprens yon 14 Jiyè.

Nelda: Mwen se Nelda NAPOLEON. Mwen fèt yon 14 Jiyè nan lopital jeneral.

HP: Ki kote nou fè etid klasik nou?

Danel: M fè etid klasik mwen Paul VI , Collège Paul Etzer ( wout kafou ).

Nelda: Mwen te lekol menm kote ak sèm.

HP: Ki kote nou fè etid siperyè nou?

Danel: M fè etid siperyè mwen nan UNISCHOOL ( Comptabilité)
– Christian Center Institute ( Couture, Cuisine & Pâtisserie )
– École Hôtelière d’Haïti ( Hébergement)
– Centre d’art ( Photographie )
Centre de Formation de courte durée -HTC ( Séminaire en GRH & Ass. Administrative )

Nelda: M fè etid siperyè mwen nan UNISCHOOL (Comptabilité), Christian Center Institute Art Culinaire, Centre d’art (Photographie), EDSEG (Sciences Juridiques)

HP: Koman dènye baton nan men paran nou te ye?

Danel: Dènye baton an li toujou make m paske m te gen 18 tan, papa m te bat mwen pou yon repons m te ba li . 😂

Nelda: Se te preske pou menm rezon ak Danel. Yon move repons mwen te bay. Imajine swit lan etanke paran Ayisyen.

Kisa les Napoleon ye?

Les Napoleon se yon asosyasyon ki la pou ankadre moun a mobilite redwit ( andikape ) yon fason pou sosyete a gade yo tankou tout moun.
1-Nou prezante konferans sou yon bann sijè ki tabou ;
2-Òganize konkou nan tout domèn;
3-Vizite lopital ak prizon Nan okazyon espesyal.

Ak ki santiman nou travay ak moun andikape yo?

Lè n ap travay ak moun andikape franchman nou pa pi deranje paske papa ak Manman m ak papa gen andikap tou epi m te gen yon pitit ki fèt ak yon andikap ki malerezman mouri, epi tou sa vinn yon rezon anplis ki pi motive m.

E, li pou nou yon travay ki nòb e yon favè nou jwenn nan men BonDye.

Kisa nou gen ki bon lakay nou ?

Sa ki bon lakay mwen sèke m wè moun tankou moun, m renmen konprann moun men m lè anpil fwa li pa resipròk.

Lè nou te deside fè konferans sou sijè tabou, kiyès nan nou ki te konvenk paran nou sou pwen sa?

Lè n te deside prezante sijè tabou yo, nou te jwenn anpil dekourajman paske se pa bagay moun vrèman renmen pale nan sosyete ayisyèn nan sitou pandan ke y ap fè l. Nou te chwazi bay le ton.

Kijan nou wè tèt nou nan 10zan?

Nan 10 zan m wè nou ki ap admire yon lòt sosyete ( chanje ), ki satisfè de yon jenès ki chwazi angaje l, yon sosyete ki wè valè li dwe mete an valè.

Ki atant nou gen de nouvèl jenerasyon sa a?

Yon jenerasyon ki pa diferan de sa ke nou te konnen 30 lane de sa ak plis tan avan yo kote moun te respekte moun, timoun te timoun vre , granmoun te granmoun e te jwe wòl yo , paran te pran responsablite yo nan lavi fanmi yo, wi te wi, non te non. Pawòl te gen enpòtans, moun te trete moun tankou sanblab yo e tankou moun.

Atant mwen se wè yon nouvèl jenerasyon ki kwè nan respekte « vrè valè » m atann mwen ak yon revolisyon nan konsyans yo, pou yo sonje gen yon nasyon pou n sove, yon sosyete pou n repare, yon jenès pou n ankadre.

Kisa ki plis make lavi nou ?

Se jou nou te rankontre ak Sovè Jezi, yon jou nou pa p janm bliye.

Ki konsèy n ap voye pou lajenès ?

Jenès, ou gen yon tan pou chak bagay nan vi w, nan tout sa w ap fè nan ti tan w ap viv la, jodya men m veye pou w pa regrèt demen. Jenès fè efò pou w byen prepare demen w byenke reyalite peyi a chokan.
Pa gade sou jan bagay yo ye pou w pa meble tèt ou paske bagay yo p ap rete konsa vre.
Anplis de tout sa,
Jenès n ap raple w ke Nou Valab, Nou Kapab

Danel Napoleon et Nelda Napoleon

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post