Kiyès ou ye ?

Smiley face

Ribrik sa sipòte pa: CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE – CAPOTAB – Radio vision9, 95.9 Mirebalais

Kiyes ou ye?

Mwen rele Rébetha Charles, mwen fèt nan yon Lokalite ki rele Milfort, ki nan 3ème Seksyon Haute Guinaudée, nan komin Jeremi, Depatman Grandans.
Manman m rele Enèse Louis et Papa m rele Tamain Charles.

Ki kote ou fè etid klasik ou?

Mwen fè lekòl primè m nan “École Saint Pierre de Prévilé”
Lekòl segondè m nan Lycée de Jeunes Filles de Jérémie, apresa mwen te rantre Pòtoprens pou etid inivèsitè m.

Ki kote w fè etid Siperyè ou?
Mwen etidye Agwonomi : Université des Grandes Antilles
Informatique d’Entreprise: Technology Integrator Caribbean
epi mwen fè yon Master en Coopération Internationale et Aide Humanitaire.

Mwen pase plizyè ane ap travay nan Humanitaire, kote mwen travay pou plizyè Oganizasyon nan plizyè Depatman.
Aprè mwen ta pral demisyone nan travay mwen, epi lanse REB Lokal.

Koman dènye baton nan men paran w te ye?

Dènye baton an se Manmi m ki te banm li,
Li se koutiryè, epi li fin taye yon twal pou l koud, mwen m pase m rache sa ak kout sizo,
M te pran anpil baton, men ki te itil, paske aprè m te vin konn koud tou, pafwa se mwen ki te konn koud inifòm mwen.

Ki saw gen ki bon lakay ou?

Sa ki bon lakay mwen se, mwen renmen ankouraje moun, motive moun, konseye moun, apresye sa moun fè ki bon.

Lè w te pran premye desepsyon nan vi w kijan w te santi w?

Premye desepsyon nan vi m te brize m e m te pran yon bon ti tan pou m te aksepte reyalite a, men m te rive kanmèm.

Konbyen tan REB Local gen depil ekziste?

REB Lokal se yon Antrepriz Agwo-alimantè ki fonde nan Septanm 2020 nan vil Jeremi. Antrepriz sa transfòme pwodwi agrikòl pou fè lòt pwodwi moun ka manje ou fè lòt bagay.
REB Lokal te kòmanse nan kwizin mwen ak yon grenn pwodwi, kounye a li gen plis pase 30 pwodwi.

Mwen te fonde Antrepriz sa aprè m te konstate kantite matyè premyè ki ap gaspiye aprè chak rekòt, pandan gen anpil bagay nou ka fè ak yo.

Konbyen kalite pwodui REB Local gen sou mache a?

REB Lokal gen plis pase 30 pwodwi sou mache a, tankou:
Chips
Farin manyòk
Farin pòmdetè
Farin bannann
Farin pitimi
Farin diri
Farin patat
Farin yanm
Farin lam
Farin tonmtonm
Akamil
Konfiti
Manba
Farin pou Bebe
Konpòt pou Bebe
Pire tomat
Siwo myèl
Siwo kann
Poud Jenjanb
Poud Safran
Poud djondjon
Poud moringa
Poud kafe
Epis dous
Chanmchanm
Te
Konparèt
Bonbon lamidon
elatriye.

Ki pi gwo difikilte ou te rankontre lè w t ap ouvri REB Local?

Pi gwo difikilte m te rankontre lè m t’ap ouvri REB Lokal, se te yon tranzisyon rapid, kote mwen kite travay mwen, yon semèn aprè mwen lanse REB Lokal,
Se te yon lòt anviwònman, yon lòt reyalite, yon lòt apwòch,
Epi anpil nan pwòch mwen pat dakò chwa sa a, paske pou yo travay se te meyè fason moun ka fè lajan, epi pou yo sa m te vle fè a pat sanble m

Kijan moun yo wè pwodui REB Local yo?

Moun yo renmen pwodwi REB Lokal yo anpil, dayè anpil fwa se yo k’ap mande lòt pwodwi ki fè REB Lokal gen plis pase 30 pwodwi,
Yo renmen kalite pwodwi yo, jan yo prezante ak orijinalite ki ladan yo.

Kijan ou wè agrikilti peyi a?

Mwen wè agrikilti peyi a gen yon lòt chans si tout fwa nou mete men pou n fè kichòy.

Kijan w wè Reb Local nan 10 zan?

Nan 10 zan, mwen wè REB Lokal nan yon kontèks mondial.

Kijan yon moun ka fè poul jwenn pwodui REB Local yo?

Yon moun ki bezwen pwodwi REB Lokal yo, li ka kontakte nou sou Facebook, Instagram, Twitter,
oubyen nan e-mail nou ki se: [email protected], whatsapp/apèl: +509 4938 3798
Oubyen pase nan Lokal nou ki nan: 3, Route Caracolie I/Platon, Jérémie, Grand’Anse

Gen kèk pwodwi ki disponib nan kèk Market nan Pòtoprens, tankou: Belmart (Tabarre et Delmas), Supermax (PV), Olympic (Lalue), One Stop (Route des frères), epi nan Pwodwi Kreyòl Ayiti

Pou Jeremi, yo disponible nan:
Marx Mart Market
Notre-Dame Mini Market
Florise Mini Market
Arc-en-ciel Mini Market
Farma-Boutique, ect

Si yon moun ta vle supòtew kijanl ka fè sa?

Yon moun ka sipòte m, lè w achte e konsome pwodwi REB Lokal yo,
Ankouraje lòt moun achte ak konsome,
Paske jis kounye a yo fè nou kwè ke se sa ki sot lòt kote yo ki bon, se yo pou nou manje, malerezman pou nou, nou kwè vre,
Ann manje Lokal pou yon lòt Ayiti!!!

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa a?

Atant mwen de nouvèl jenerasyon an : se wè yo ki kwè ke yon gen anpil bagay yo ka fè pou pote yon chanjman,
Wè yo ki mete men nan pat la pou fè yon diferans

Kisa ki plis make w nan lavi w?

Sa ki plis make m nan lavi m, se lè yo jije kapasite m paske m se JEUNE.

Ki konsèy wap voye pou lajenès?

Konsèy mwen pou lajenès, se :
Pa kite pèsonn fè yo kwè ke yo pa kapab paske yo se Jeune
Travay di pou yo reyalize rèv yo, paske lavi pa fè kado.

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post