Kiyès ou ye ?

Smiley face

Ajans près an liy Haïti Post ap prezante w Me Gustave Wilbert nan ribrik “KIYES OU YE?”.
Ribrik sa sipòte pa: CREP – Richard Baudelaire SANDAIRE – Jean Junior HYPPOLITE – CAPOTAB

Kiyès ou ye?

Mwen se Gustave Wilbert. Mwen fèt yon 27 Novanm nan komin Fon Vèrèt tou prè Forè dè Pen.

Ki kote w fè etid klasik ou?

Mwen fè etid primè mwen nan Collège Wonderful site solèy, mwen fè etid segondè mwen nan lycée Jean Marie Vincent nan Karade.

Ki kote w fè etid siperyè ou?

Mwen fè yon lisans nan edikasyon nan Corneston Christian University. Aprè yon etid mwen te fè nan l’ecole normale fondamental. Mwen etidye syans Jiridik nan lekòl dwa Gonayiv.

M ap fè yon mastè nan dwa dè zafè nan Cornestone Christian university pou kounya.

Kijan dènye baton ou te pran nan men paran w te ye?

Baton sa te rèd anpil. Papa m te toujou pa vle mwen jwe football sou pretèks pye m ka kase byen ke sa ekziste vre. Men misye te roule m anba baton se sa ki fè jous kounya Mwen toujou maren 😂😂😂 nan football.

Kijanw te santiw lèw te pran premye desepsyon nan viw?

Eske m ka di se on desepsyon? Wi e non Mwen pat ko fè etid siperyè mwen yo men mwen te gen yon demwazel mwen tap koze ak li, li te gentan nan 3eme ane syans kontab men mwen pat ko nan fakilte li di m, mwen san diplòm li menm li preske fini dezole se te yon gro desepsyon. Men mwen te aprann de sa pou m te sakrifye m antre nan inivèsite.

Lè w wè machann kann, chany nan lari kijan w santi w?

Tout Machann kann nan lari a ak tout chany yo respè pou yo. Yo raple m anpil move souvni ak anpil desepsyon men yo banm anpil fyète paske mwen te pami yo on epòk mwen te pami chofè moto ak kamyonet yo tou men jodi a mwen gen yon lot estati.

Kisa w gen ki bon lakay ou?

Mwen pa konnen paske sa m ka estime ki bon pou mwen an sosyete a ka pa tro apresye li. Men yo souvan di m se yon moun ki konpati ak moun ki nan fakilte. Sa mwen si de li mwen se yon moun ki trè pozitif anyen paka anpeche mwen avanse.

Poukisa w te fè chwa vin avoka?

Se te yon pasyon depi mwen te tou piti e manman mwen te toujou di m li wè nan mwen yon avoka.

Kijan w te santi w lè w te pèdi premye pwosè ou kòm avoka?

An jeneral m paka di m te pèdi yon pwosè paske anndan defèt la ou aprann anpil bagay. Men kanmenm sete pou mwen yon batèm de fe paske kliyan an pat an mezi pou l konprann mwen.

Kijan w wè sistèm jistis la an Ayiti?

Mwen anndan systèm jistis la e se la mwen jwenn pen pou m mete sou tab lakay mwen, Men sa nou gen la ka tout lòt bagay sof yon systèm jistis. Si m te gen pouvwa menm senbòl fanm ak zye mare an mwen tap chanje l. Nou lwen pou n gen yon sistèm jistis fiab nan peyi dayiti.

Kijan w wè tèt ou nan 10 zan?

Pou m fran ak ou Ayiti tro enprevizib pou moun ta fè plan ladan l pou 10 ane kap vini. Sepandan mwen gen yon pakèt vizyon pèsonèl pou 10 zan kap vini si gran mèt la prete m la vi.

Siw ta minis jistis peyi an ki amelyorasyon ou t ap pote?

Si m ta minis jistis nan peyi an mwen t ap toujou eseye amelyore nan mezi ke m kapab pou sistèm jistis la, men m ap di w an pasan yon minis jistis isit en AYITI se yon fizib politik . Se youn nan rezon ki fè sistèm nan eta sa e jistis isit nan peyi dayiti pa endepandan.

Anseye ak fè konferans/Fòmasyon kiyes ou plis renmen?

Pèmèt mwen di w ke se yon package e anndan youn ou jwenn lòt. Mwen toujou disponib e dispoze pou nenpòt sa yo ta fè chwa de mwen an.

Ki atant ou gen de nouvèl jenerasyon sa?

Nou nan on sosyete kote gen yon estigmatizasyon kap fèt de jenerasyon 2000 jis kounya. Sa ki vrèman pa bon, men mwen panse se jan yo itilize teknoloji an e akiltirasyon ki pèmèt sa jenerasyon sa yo pwale an depravasyon sitou pa mank ankadreman pou jenn yo. Nou paka espere gran choz si pa gen yon priz konsyans jeneral ki fèt.

Kisa ki plis make w nan lavi w?

Mwen gen anpil bagay ki make la vi m. Men gen youn ki trè senp e se li mwen plis konsidere Se eksperyans travay mwen te fè nan Collège Centre d’études Haïti. Se fason mwen te antre nan travay la.

Ki konsèy wap voye bay lajenès?

La jenès Ayisyèn: nou pa gen moun k ap panse pou nou se vre. Tout kondisyon reyini pou n tonbe nan sak pa sa jenn fanm kou jenn gason. Men m ap di nou ke nou ka fè poun rete kan moun ki saj yo olye ke nou nan kan mechan ,Tout kondisyon te reyini pou mwen pa t moun mwen ye jodi a men mwen te bay tèt mwen yon objektif e mwen kapab di sansibleman mwen jwenn li. Travay la di kwè nan tèt nou nan kapasite nou. Wi nou kapab yon jou n’a fyè pou tèt nou janm fyè pou tèt mwen. Fanmi nou a fyè de Nou jan pa m fyè de mwen Ayiti ap bezwen nou menm janl bezwen mwen. Konsa ansanm na fè on lòt solèy klere sou peyi a. Viv jenès la viv Ayiti .

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post