KOSODES bay meri Laskawobas yon labatwa

Smiley face

Koperativ pou Devlopman Sant (KOSODES) remèt meri Laskawobas kle yon labatwa nan mache piblik la jounen madi 12 Jiyè a an prezans tout ajan enterimè yo, plizyè responsab koperativ la ak plis sitwayen nan komin nan ki aplodi jès sila a.

Sagesse St Louis, prezidan KOSODES deklare: “Bèt ap tiye nan kondisyon ki pa nòmal. Yo toujou di KOSODES se pou pèp la ebyen l ap akonpanye popilasyon an”.

Sitwayen vil la pa t bouke bat bravo lakontantman pou jès sila a e pwofite okazyon an pou remèsye enstitisyon an e mande lòt enstitisyon yo swiv tras KOSODES pou ede komin nan vanse.

Direktè KOSODES la, Jonathan Gaspar te tou ankouraje moun ki te prezan yo fè kanè nan KOSODES pou kès la ka retounen sèvis la ba yo.

Wisnic RONDEAU

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post