M ale

Smiley face

M ale sanm pa di babay
Malgre m te tante mw pat jwenn ni poul ni pay
M ale sanm pa gad dèyè
Pa bò isit vi a devan dèyè
M ale sanm pa di pèsonn anyen
Tout move souvni ranpli m ak chagren
M ale san pot kichòy
M anboulatya,mw santim kòkòy
M oblije ale lwen
Mwen espere la m ap pi byen
M ale keyi zetwal nan syèl
M ale rann vizit ak lakansyèl
M ale yon kote m ap ka gad solèy nan je
Yon kote lalin pap chanje katye
M ale kote m Ka touche van
Yon kote solèy ak lalin rankontre pi souvan
M ale yon kote tristès pa rive
Yon kote lanmou abite
Lwen de vi sa
Kote mw pap bezwen viza
Pa vin banm komisyon
M ale ranpli misyon
Pa bò isit lavi pa gen sans
Siksèm gen gou rans
M ale pou m rekòmanse viv
M ap chanje paj,map chanje liv
M ale pou m rekòmanse ak zewo
Yon kote map santim ewo
Bajoukase mw reziyem m ale
M ale viv yon kote mw pap malere
Kote ti poul resi pouse dan
Kote ki pa gen nwa ak blan
M ale kote lanjelis ranje kabann
M ale san planifye,m ale sanzatann
Yon kote pasyans ka fèm wè trip foumi
Yon kote pou m karese lanati
M ale nan yon vwayaj san retou
M ale chèche vrè lanmou
Yon kote silans ap pi bèl mizik
Yon kote lannuit pa sans inik
M ale san pran san bay
M ale sanm pa di babay

Mikè le sage📌

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post