Pwofite

Smiley face

 

Chak kilè ou gen chans wè lalin k ap danse ak solèy
Chak kreyati pou tèt pa l se yon mèvèy
Alòs pwofite viv bèl moman
Tristès gen pou l anvayi kè kontan
Nan yon bat je lavi ka keyi w tankou toutrèl
Pwofite souri avan lavi fè w bay tout rèl
Lavi kout frèm
Lanmò long sèm
Pwofite di l ou renmen l avan l two ta
Degaje w livre kèw pou l pa pita
Sispann fè tilititi
Pwofite viv ak fanmi
Avan solèy ou sispann klere
Avan lalin ou sispann briye
Pwofite viv san konplèks
Vi a senp
Yon sèl reflèks
Epi wap konprann lavi bèl
Kit ou anba pay
Kit ou anba tonèl
Pwofite di l yon dènye mo
Petèt se pi gwo kado
Avan zetwal ou etenn
Bat pou w kite limyè pou yon lòt jwenn
Avan mond ou redwi an neyan
Pwofite viv kè kontan

 

Mikè le sage📌

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post