Ou fè m mal

Smiley face

Ou fè m mal lè w gade m
Lè w gade m mwen blije bese tèt mwen
Tèlman m timid ou
Nan manje zong m ap pèdi dwèt mwen
Ou fè m mal lè w souri
Lè w souri se tankou w te mèt lanati
Mwen vin piti tankou yon foumi
Yon ti foumi ak yon kè k ap grandi
Lè w souri mwen tankou yon afranchi
Ki pa gen kote li pa franchi
Youn nan pi gwo mal ou te ka fè m
Se lè w touche m
Lè w touche m mwen gen tan imajine w k ap douche m
E lè w karese m
Mwen gen tan imajine w k ap kouche m
Ou fè m mal lè w site non m
Paske vwa w fè m eksite
Malgre m lite mwen pa fouti reziste
E lè je w tonbe nan je m
Mwen dekole tankou avyon ki sou pis
Mwen grate tankou chen ki gen pis
Ou fè m mal lè w kajoule m
Lè w kajoule m mwen tankou yon filozòf san sèvo
Mwen tankou sèl grenn pitit ki pa konn sa frè ak sè vo
Ou fè m mal lè w niche m
Se pa paske sa deranje m
Dlo konn prèske koule deran je m
Se vre ou fè m mal anpil
Men se yon mal mwen ka viv
Mwen pap rele aba l,m ap rele viv
Kontinye fè m mal lè w souri
Kontinye fè m mal lè w ap ri
Kontinye fè m mal lè w gade m
Lè w grate m
Paske ou gen tan gate m
Ou fè m mal se vre
Men ak mal sa yo mwen pa vle se vre

Louis Mikerson

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post