Ou se yon deyès

Smiley face


Kijan pou m ta fè pa adore sen w!
Se nan fant tete w lèt ak myèl koule
Mwen kriye alelouya lè m nan fant janm ou.
E si m ta tonbe nan twou w
Bann chan pwèl pap ka bare m

Ou se son deyès
Mwen koube m byen ba devan bote w
Po dèyè w vo pik Makaya
Lonbrit ou fè m anvi desann nan paradi w la.
Se ak raj m anvi manje fwi entèdi a

Ou se yon deyès
Mwen vle ofri w syèl
Ou mèt pran m pou sèvitè w
Konsa mwen avè w nan fè nwa
Nou tap resi kraze lanfè

Ou se yon deyès
Se nan je w solèy leve
Dlo je w fè lapli tonbe
Chak gouyad ou fè lanati ejakile
Alsiyis ou fè tout kòk nan bwa chante

Ou se yon Deyès
Prezans ou nan chanm mwen fè m ranpli
Ou fè m pale plizyè lang
Ou fè m mastibe mo

Ou se yon deyès
Ak yon bèl bout anba
Chak kuis ou se yon pye mapou
Nan mitan yon jaden fwi
Gen yon ti sous dlo k ap koule
Dlo sila ki bay lavi
Ou se yon deyès
Kijan pou m ta fè pa renmen w

Mikerson Louis

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post