SOCVI pale de vyolans baze sou jan nan Laskawobas

Smiley face

Solidarite Òganizasyon yo Kont Vyolans (SOCVI) òganize yon seyans fòmasyon sou “Vyolans baze sou jan” nan komin Laskawobas nan lokal Guiteau’s garden pou plizyè manm òganizasyon kominotè jounen lendi 11 Jiyè a.

Fòmasyon sila a òganize nan lide pou pèmèt medam yo konnen kisa pou yo fè lè yo sibi zak vyolans tankou tizonnay ak pou akonpanye moun ki viktim zak malonnèt sa yo.

Ternéus Gervely ki t ap entèvni ale pi lwen pou di SOCVI ap kontinye akonpanye medam yo pou limite tout fòm vyolans ke yo ta ka sibi nan sosyete a.

Yon lòt kote, kòdonatris SOCVI a, Princira Petit-Vil fè elòj de òganizasyon an ki òganize yon dividal fòmasyon pou manm li yo ka vin pi pèfòman.

Wisnic Rondeau

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post