Solidarisation de l’association AJI-VIT&BHIEN au juge Ricard ARISTILDE

Smiley face

Dans une note parvenue à l’agence de presse en ligne Haïti Post, AJI-VIT&BHIEN dit se solidariser avec le juge Ricard Aristilde après que des agents de l’UTAG l’ont agressé verbalement le vendredi 27 octobre.

Lisez l’intégralité de la note dans les lignes qui suivent…

NÒT SOLIDARITE/ KÒLÈG RICARD ARISTILDE.( AJI-VIT&BHIEN)

Sistèm Jidisyè Hayisyen an te deja depatya kote baz la se divizyon ak ipokrizi; tretman ak jan aktè nan pi wo nivo yo; vin ap prezante jij yo bay piblik la, bay dwa chak jou pi plis pou wè yon moun k ap ranpli fonksyon jij nan peyi a tankou pi gwo ènmi , sa vi-n lakoz menm polisye panse yo se advèsè jij nan peyi isit, poutan se ansanm nou dwe travay.

Depi aprè arestasyon Jij ki te nan kou KASASYON an; yon jij nan pi ba nivo a; gentan sanble ak :” MARE KALE”
Se vre entegrite fizik yon Jij ak pèsonalite l ta dwe menm jan ak vijinite yon fi, pa mande si li sakrifye tèt li pou fè respekte l.
Nou aprann JIJ RICARD ARISTILDE , ki nan SENMAK, resevwa gwo vyolans vèbal nan men kèk Ajan UTAG, ki te ka menm debouche sou pi gwo skandal , si se pa t nivo meteiz ak Tanperans jij la.

Nou mande pou moun ki nan pi wo nivo nan administrasyon sistèm an; panse ak BLAZON nou tout ki dwe redore.
Nan ka sa a, pèsòn pa epanye.

JIJ RICARD ARISTILDE SOLIDARITE N POU OU .
T.B: Si nou pa deside AJI-VIT&BHIEN; se pita k ap pi trist toujou.

POU AJI-VIT&BHIEN:” MÈT IRMA TONDEREAU.( 29/11/2023).

Haïti Post

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post