Tande non mon konpè !

Smiley face

Pou jan Leta trase kata
Pou l voye nou anba tè
Si nou poko mouri
E sanwont nou sanwont
Leta ankadre w sèlman lè w mouri
Lavi w pa enpòtan pou li

Nou livre ak nou menm
Nan mitan yon pakèt tèt san kò
Menm Leta sezi
Lè l wè nou tout pa gen tan mouri
Pito nou lèd nou la
Ebyen nou lèd vre ui!
Nou fin tounen zonbi
Atò menm sèl pap ka ba n lespri
Pase nan palman na wè plezi mesye dam yo
Pandan n ap brave danje
Figi nou fè pli
Tankou timoun k ap kriye pou pen
Se nòmal pou tansyon n moute
Paske yon ti kafe nan paleman koute milyon

Se sou kat moso planch
Yo konstwi rèv isi
Machin ensekirite a
Pase sou ray devlopman
Fènwa boude rèv nou
Se kochma ki rete dan griyen
K ap fè nou grimas
Nou pran nan zip
Nou pran nan twa wa.

Louis Mikerson

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post