Ti Fifi

Smiley face

Ti Fifi ou fè m pale twòp
Tout tan w nan pale ak ti gason
Ou pa menm ko pase mòp
Sèlman ti Fifi sonje m pale w
Pa kite bouch mwen long
Plede mennen jèn fi nan kay la pou fè zong
Wa sonje m konn pale w
Epi w ap fè m malonèt
Depi malè rive w
Anverite l ap rive w nèt

Ti Fifi cheri tande m
Lè m pale w se pou byen w
Tout tan mwen la
Mwen pap kite nenpòt nèg kenbe men w
Jèn fi kounya pa dwe sèvi w egzanp
Lespri w nan fè nwa
Mwen vle sèvi w ti lanp
Ti Fifi lè m voye l lekòl pa al fè woul
Veye kò w ak jèn gason
Yo se kòk ou se poul
Jèn fi kounya kwè nan plizyè mennaj
Bagay sa banm raj
Men jou fèy la tonbe nan dlo
Se pa jou a li pouri
Lè yo pran vakans nèf mwa
Mwen pap gen dan pou ri
Ti Fifi pa okipe zanmi k ap enfliyanse w
Lè malè rive w
Yo menm ankò ap bliye w
Zafè telefòn sa pa bay jèn yo tan ditou
Telefòn sa ki nan men w la ka voye w nan twou

Ti Fifi koute m
Jèn gason kounya se tankou jilèt
Ou mèt bliye lanmou Womeo ak Jilyèt
Se men sòl yo vin touche
Pandan y ap di misye Jènjan
Ou menm ak dlo nan je w ap kouche
Ti Fifi ou konn sa k pase!
Lè m voye w lekòl bat pou w pase
Yon fi ka bèl se vre
Men sa pa vle di li koute chè
Ou konn sa k pase!
Pran fòm kò w tande machè
Tout sa k briye ka atire w
Se nan met bout jip
Ki fè jèn gason toujou ap file w

Ti Fifi fòk mwen di w
Kò fi a se tankou min petwòl
Anpil nèg ap chache anplwaye
Pou yo tann pewòl
Ti Fifi ou pa wè ou pa janm wè Simòn
Se nan twò cho l
Li gwòs manman l voye l nan mòn
Mwen fenk aprann yon nouvèl ki banm sezisman
Adje yo di m li mouri nan akouchman
Bébé a sove
Men li pral fè vi l san manman
Èske se konsa ou ta renmen fini vi w ti fifiz?
Oubyen w ap pran konsèy mwen yo pou w ka yon bon ti fi.

Louis Mikerson

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post