Dechoukaj

Smiley face

Asyèt, bòl, kiyè nan men
Yon foul moun ap monte
Dezespwa,fristrasyon anvai vizaj yo
Anba yon solèy cho
Ki r rete dan griyen
Si l te lannuit mwen t ap di se vanpi
Kòm vanpi pè solèy
Mwen chanje lide
Kiyès moun sa yo ye?
Yon latriye moun tout koulè
Marengwen vole
Ou pa konn sa k mal
Ou pa konn sa k femèl
Pou di se nan eleksyon yo pral vote!
Non menm kanpay poko kòmanse
Ni se pa nan kanaval yo prale
Paske vizaj yo makawon
Moun sa yo pa anvi danse mizè
Yo pa sanble moun ki vin pou lapè
Se nan vizaj yo pou w konprann
Kijan lavi a chè
Se nan souf yo
Pou w santi kalamite yo
Genyen ki maske grangou a
Gen lòt ki se grangou an pèsonn
Figi yo blanch y ap monte
Sa ki gen baton
Sa ki gen wòch
Y ap monte
Min yo mare
Moun sa yo pa pran lari pou dyalòg
Se lavi chè k ap brase bil anndan vant yo
Gen sa ki do touni
Gen lòt ki antyoutyout
Se moun sa yo Leta bliye
Se moun sa yo Leta trete tankou chen
Se moun lari yo
Malere nan geto yo
Se tout moun ki nan mizè yo
Se moun sa yo k ap pran direksyon Petyonvil
Y ap chante
Y ap kriye yo pa kapab ankò
Se nòmal
Toutan pèp la nan mizè
Ap toujou gen dechoukaj

Louis Mikerson

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post