Ti Soufri

Smiley face

Listwa ti soufri tris
Lè m ap rakonte l ou pap gen dan pou ri
Ti soufri se te yon grenn bannann mi
Sou li yo pat pè gen dan pouri

Ti soufri pat janm gen tan pou tèt li
E nan tèt li w ap wè l penyen de très
Tout travay se li
Lè w gade l w ap wè se detrès

Ti soufri maltrete
Epi l mal tete
Yo akize l tout sa k pa bon
Rad li nwè tankou chabon

Ti soufri pa gen manman li pa gen papa
Li pa gen pèsonn li viv apa
Li dòmi ta leve bonè
Cheve l kannèl solèy midi sèvi l bone

Ti soufri rann sèvis
Gwo kout baton sèvi l mèsi
Yo pase l nan betiz
Yo di l manje atè pa di mèsi

Ti soufri pa gen jaden
Poutan tèt li gen yon chan pou
Lè pou l benyen pa gen savon
Fab pou lave sèvi l chanpou

Ti soufri ap soufri
Nan vizaj li pa fouti gen souri
Li manje apèn li repoze apèn
Lè w gade l ou pa fouti pa gen lapèn

Je l tankou frize
Rèv li yo brize
Ti soufri pa gwosè yon bòt
Men se sou li yo vle fè bòt

Lè pou l manje
Se nan kole tout ti rès
Tèlman yo fè move jès
Pa gen jou li pa nan tristès

Gwo travay jèn gason pap fè se pou li
Tout jouman, imilyasyon se pou li
Ou ka wè l sèlman ou di l kouraj
Poutan ou pa janm wè lè l ap pran kou ak raj

Ti soufri menm jan avè n
Li pa yon moun ki pafè
Men pouki se li k ap peye tout sa l pa fè

Si l pa fè travay kout fwèt
Li pa leve bonè kout fwèt
Si l kriye kout fwèt pi rèd

Sa fè lapèn pou wè ti soufri
Lè l ap dòmi ou mande kot souf li
Fanmi bliye l,lavi jete l
Lanmò menm twaze l

Se pa li ki te mande fèt
Men se chak jou l ap pran defèt
Ti soufri dòmi sou yon atè miyò
Men eta l ou wè atè miyò l

Kòl plen tras
Tout chaplèt li pran kite tras
Bay kou bliye pote mak sonje
Nan pran kou pou li pa gen konje

Ti soufri fè manje li pa dwe goute
Lè pou l kriye dlo je l pa degoute
Bouton fè figil tankou paswa
Mak yo fè po l pa swa

An Ayiti yo fè timoun abi sou tout fòm
Pouki se yo k ap soufri?
Pouki nou fè yo pa ka souri?
San yo pa gen avni

Louis Mikerson

Ashley JEAN BAPTISTE
Je suis Ashley JEAN BAPTISTE, avocat du barreau de Mirebalais, licencié en Sciences de l'Education et copropriétaire de l'agence de presse en ligne Haïti Post